Nan on foto sou paj Instagram Darline Desca, nou wè atis la poste nan on rad ki gen koulè blan, jon ak woz epi li mete men sou vant li tankou on moun ki ansent avèk on kè kontan ki esprime lajwa ke li ta genyen nan kè l.
Nan plizyè komantè ki gentan fèt sou foto sa. Anpil moun gentan ap felisite atis la si se ta vre ke li ansent, gen lòt tou kap di depi sou mizik DDSK fok vant lan ta pouse, lòt kote plizyè moun ap di ke se buzz paske li gen pwochen mizik ki ki pral soti nan jou yo la.
Jounen jodia, depi atis yo fè on post oubyen lage on foto anpil moun genyen dout sou yo, paske anpil nan atis yo lage nan pratike sa Queen Blondlight la renmen fè ya ki se buzz.
Eske se vre ke Darline Desca ansent oubyen se buzz kap fèt ?? Antouka n ap swiv li de prè paske nan benyen toutouni pa gen kache lonbrik.
You may also like
-
Désormais, Eden Berandoive joue dans la cour des grands
-
Les coopératives féminines : un outil clé pour l’autonomisation des femmes
-
Maria Isabel Salvador, Chèf biwo entegre nasyonzini an, pozisyone li sou konjonkti aktyèl la
-
Depite ayisyano-ameriken Sheila Cherfilus-McCormick mande pou premye minis ayisyen an demisyone
-
Rezo Pluri-femmes mande pou gen plis fanm nan palman ayisyen an