Depi lè chantèz Darline Desca soti mizik li ya ki rele « Ou fè m » anpil moun pa sispann kritike atis la. Darline pa deside rete nan silans li, il reponn moun k ap kritike l yo pendan li tal nan show « Gade dodo ».
Gen moun ki di atis la mizik la pa gen okenn fon, li twò dekole nan mizik la, li twò griyen…
Darline Desca reponn pou l di ke se yon mizik trip li fè, moun yo pa pran o serye sa yo ta dwe pran o serye, il di tou si se te on gason ki te chante mizik sa yo pa t ap pale anpil konsa.
Atis la vle fè konprann, li son fanm e li gen dwa pou l di sa l santi, pou l pale de sèks e sa p ap retire anyen sou li, ni de moun li ye.
Darline Desca montre l pa kontan ditou pou komantè yo. E li menm li twouve se on mizik trip li t ap fè moun yo pat oblije anvayi l konsa.
Antouka Darline Desca depi aprè « M pa kyè » li fè ak Roody Roodboy kite fè gwo hit piblik la te renmen, tout lòt mizik atis la soti aprè, toujou jwenn gwo frap nan komantè gran piblik la ap fè sou yo.