« Kisa Nwèl ye » se tit nouvo mizik Immacula Joseph anonse li pra l soti jou vendredi 1 oktòb 2021 k ap vini la.
Chantèz evanjelik la nan on interview li te bay ak sal redaksyon nou an, esplike rezon ki fè l pra l soti on mizik Nwèl, se paske li wè yo komèsyalize Nwè l la. Pou li daprè sa l wè nan bib la Nwèl se on lòt bagay.
?Nwèl se pataj, lanmou, rekonsilyasyon , viv ansanm?sa se deklasryon Immacula Joseph ki pral soti 5è mizik li, ki se premye mizik Nwèl li.
« Kisa Nwèl ye » pap soti ak tout videyo li men kelke jou aprè videyo mizik sa ap gen pou l disponib se sa Immacula fè nou konnen.
Se pa sèl pwojè mizik Nwèl chantèz la gen pou l soti nan jou yo la. Li te tou pwofite anonse youn nan lòt pwojè ki pi prè li genyen se on mizik gospèl kap dispo 1 janvier epi on lòt nan mwa fevrye l nan ane 2022.
Malgre li pa gen sponsò e se ak kòb travay li l ap fè tout sa l ap fè yo, atis la pa monotòn, li chante ni mizik evanjelik, ni sosyal.
Immacula Joseph espere mizik Nwèl la li pral soti ya rive sou moun yo e yo apresye l menm jan yo te toujou fè l sou lòt mizik li soti yo.
You may also like
-
Désormais, Eden Berandoive joue dans la cour des grands
-
Les coopératives féminines : un outil clé pour l’autonomisation des femmes
-
Maria Isabel Salvador, Chèf biwo entegre nasyonzini an, pozisyone li sou konjonkti aktyèl la
-
Depite ayisyano-ameriken Sheila Cherfilus-McCormick mande pou premye minis ayisyen an demisyone
-
Rezo Pluri-femmes mande pou gen plis fanm nan palman ayisyen an