Dimanch 3 oktòb 2021, Erlande Berger se jèn fi sa ki eli Miss World Haïti 2021 ki te fèt nan otèl Karibe Petyonvil, k ap gen pou reprezante Ayiti nan peyi Porto Rico nan mwa Desanm k ap vini la.
Pou final sa te 8 jèn fi ki t ap konbat ant yo pou kouròn sa men se Erlande Berger ki rive genyen l.
Se te avèk anpil kè kontan Alysha Morency ansyèn Miss World Haiti te pase kouròn ak nouvèl Miss la ki se Erlande Berger ki on jèn fi gen 24 lane e li gen on diplòm nan kominikasyon sosyal.
Pami 8 jèn fi sa yo ki te la pou final la Fabienne Auguste se premye dofin, Samanta César ki li menm se dezyèm dofin epi Mulledina Clerger ki se twazyèm dofin.
Malgré lapli a t ap bay anpil pwoblèm tèlman li t ap tonbe men final konkou a rive fèt byen e piblik la te fè deplasman an kanmenm.
You may also like
-
Désormais, Eden Berandoive joue dans la cour des grands
-
Les coopératives féminines : un outil clé pour l’autonomisation des femmes
-
Maria Isabel Salvador, Chèf biwo entegre nasyonzini an, pozisyone li sou konjonkti aktyèl la
-
Depite ayisyano-ameriken Sheila Cherfilus-McCormick mande pou premye minis ayisyen an demisyone
-
Rezo Pluri-femmes mande pou gen plis fanm nan palman ayisyen an