google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
IMG 20211101 WA0001
© %author%

Florence El Luche soti on nouvo mizik li rele « Slow Down » ak on vibe ki diferan

Chantèz Ayisyèn nan Florence el Luche soti on nouvo mizik pou ane 2021 jou kite vendredi 22 oktòb 2021 an ki rele « Slow Down », on mizik anglè kote li melanje hip hop, konpa ak on ti afro. On vibe diferan nan standa entènasyonal.

« Slow Down » dire 3’20 » e Mikaben patisipe nan ekri tèks la ak pwodui mizik sa ki ap fè pale de li sou rezo sosyal yo.

On semèn aprè soti mizik sa, videyo a depase plis 473 674 view ak 19k moun ki like li, avèk 6.5k komantè.

Nan « Slow Down » chantèz la fè soti on vibe ki pou mete mesye yo sou 3 pye yo, kote l ap danse, bouje nan plizyè look diferan, sitou lè li ap fè « Pole dance ». On feeling ki ka mete dlo nan bouch ti mesye yo, daprè kèk kòmantè.

Gen kèk fan ki fè konnen, Florence El Luche met ret nan chante anglè sèlman paske yo wè l byen pase. Gen lòt ki di Flo resi jwenn plas li nan mizik lan e atis la mèt kontinye avèk stil mizik sa paske li fè on bèl travay.

Renmen l pa renmen l, antouka Florence El Luche kontinye ap travay de jou en jou pou l pran plas li nan zafè mizik.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *