google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
IMG 20211014 WA0010 2
© %author%

Pitit fi defen Jovenel Moïse la Jomarlie Moise fè on tweet ki leve plim sou do plizyè moun

Ayè mèkredi 13 oktòb 2021 an, Jomarlie Moïse pitit fi defen prezidan Jovenel Moise fè on tweet pou l di ?mwen santi l bò kote m, mwen espere nou santi l tou menm jan ak mwen?. On tweet ki leve plim sou do plizyè moun.

Sa plis pase 3 mwa yo asasine prezidan Jovenel Moise lakay li nan Pèlerin 5, e jiska jodiya fanmi pwòch defen Jovenel Moise kontinye ap mande jistis pou li.

Detanzantan lè se pa Joverlin Moïse ki fè on tweet se ansyèn premyè dam nan Martine Moïse oubyen Jormalie Moïse.

Anpil kòmantè fèt pou yo mande Jomarlie de kisa egzakteman li vle pale nan tweet li ya. Gen moun ki mande l eske se de tranbleman de tè ki vle di si nou santi l.

Gen lòt tou ki di Jomarlie peyi ya nan eta li ye akòz de papa l nou ka li sa nan komantè sila?Ou gen kè pou wap fè tweet sou lanmò papa w se li menm ki lage peyi nan sal ye a. Papaw legalize gang yo,li fè yo, fè federasyon kounye a wap mande si nou santi l,mande moun matisan yo si yo santi l, mande moun kap mouri chak jou nan peyi si yo santi l se sa papa w kite pou nou ?.

Asireman se papa l ki manke l ki fè li fè tweet sa men komantè ki vini aprè tweet sa montre fistrasyon anpil nan pèp ayisyen genyen pou fanmi defen Jovenel Moïse.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *