Vannessa Toussaint se jèn fi nèg a zam te rive kidnape nan deptaman Latibonit zòn Gwomòn pandan li t ap soti Pòdepè. Nèg ki kidnape moun yo mande on milyon dola pou libere yo.
Daprè enfòmasyon yo, yo kidnape 4 lòt moun avèk Vannessa.
Nan menm vandredi 24 septanm pase ya Polis Nasyonal aprè plizyè operasyon yo mennen, arete 4 prezime kidnapè kise manb aktif on gwoup gang ki nan Pendi sinkièm seksyon kominal Gwomòn.