Anbasad Ayiti nan peyi Chili ak Biwo Western Union nan peyi a te rankontre ak laprès, jou jedi 15 septanm 2022 a, nan kad lansman ofisyèl yon kou lang espanyòl pou san fanmi ayisyen nan peyi Chili « . Se sa Wedlyne François Pierre, anbasadè Ayiti nan peyi Chili, ekri sou paj enstagram li wikenn ki sot pase a.
« Anbasadè a kontinye pou l fè konnen, pwojè sila gen pou responsabilite kore entegrasyon, nan jou k ap vini la yo, fanmi ayisyen yo ki nan sosyete chilyen an » se sa li bay kòm enfòmasyon nan mesaj li a.
N ap raple, sa gen pou pi piti senk lane, yon latriye ayisyen rive kite Ayiti pou ale enstale yo nan peyi Chili akoz sitiyasyon sosyal, politik ak ekonomik peyi a ki vrèman malouk.
You may also like
-
En cas de crise cardiaque en public, les femmes ont moins de chance d’être sauvées que les hommes
-
Affaire du baiser forcé : des dirigeants de la fédération espagnole prêts à porter plainte contre les joueuses ?
-
FIFA The Best : des femmes sont aussi nominées
-
France : yon sondaj montre anpil fransè estime Marine Le Pen gen kalite pou li vin prezidan peyi a
-
Espagne : la majorité des championnes du monde refusent de retourner en sélection