Cristina Kirchner, vis-prezidan peyi Argentine, pral pase sis (6) lane nan prizon, anplis pandan tout rès vi li, li p ap kapab ale nan eleksyon. Se akòz yon move atribisyon nan mache piblik la Kirchner pral nan prizon. Aprè lekti vèdik la, 6 desanm 2022, Cristina reyaji devan laprès pou li fè konnen se kout mal taye k ap fèt sou do li.
Cristina akize kòm moun ki favorize yon move atribisyon nan mache piblik la, yon atribisyon ki te fèt nan vil Santa Cruz, yon vil ki konnen plizyè jenerasyon nan fanmi Kirchner a.
Se premye fwa yon koze konsa rive an Argentine. Abityèlman, gen ansyen prezidan lajistis konn kondane, men se pa nan moman y ap egzèse fonksyon piblik la, se aprè. Fwa sa, Cristina Kirchner, ki te depite, ki te senatè, ki te premye dam, e ki te prezidan ajanten yo pandan de fwa, resevwa kondanasyon sa pandan li se aktyèl vis-prezidan peyi li.
Aprè vèdik la, Cristina Kirchner di li viktim anba men yon « mafya lajistis », yon « Leta paralèl ». Li di yo kondane li san prèv, e li pral fè apèl pa rapò ak « move » desizyon jistis sa. An menm tan, Cristina pwofite anonse li p ap kandida pou okenn pòs nan eleksyon k ap vini yo.
Erezman pou li, jij yo pa konsidere chèf akizasyon ki pi grav la kont Cristina : yo te akize li kòm fondatè yon asosiyasyon ki la pou komèt deli. Jij yo sèlman konsidere te gen fwod nan administrasyon piblik la, epi yo kondane Cristina pou 6 lane prizon, yo kondane tou, Lázaro Báez, moun ki benefisye atribisyon mache piblik ki poze pwoblèm nan.
Se nan mwa mas 2023 motif yo ap ekspoze devan lajistis. Cristina Kirchner ap ka fè apèl jouk dosye a rive devan lakou siprèm. Kapab toujou gen lòt pwosè lajistis nan kad dosye sila, poutan, anpil ajanten rete kwè Cristina p ap pase yon sèl jou nan prizon vre.
You may also like
-
La journaliste française Ariane Lavrilleux libérée après 48h de garde à vue
-
Journée internationale de l’égalité salariale, les sociétés peinent à assurer l’équité entre hommes et femmes
-
En cas de crise cardiaque en public, les femmes ont moins de chance d’être sauvées que les hommes
-
Affaire du baiser forcé : des dirigeants de la fédération espagnole prêts à porter plainte contre les joueuses ?
-
FIFA The Best : des femmes sont aussi nominées