google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
7IGJNF2TXRENBCD5UO47KTTI7M
© %author%

Depite ayisyano-ameriken Sheila Cherfilus-McCormick mande pou premye minis ayisyen an demisyone

Depite ameriken ki gen orijin li an Haïti a, Sheila Cherfilus-McCormick (reprezantan Leta Floride), mande pou premye minis ayisyen an, Ariel Henry, remèt demisyon li epi kite tèt Haïti. Manm kongrè ameriken an fè deklarasyon sila 7 novanm a nan mikwo medya VOA Kreyòl. Li deklare premye minis la pa fè montre li gen bon volonte pou rezoud kriz ayisyen an.

« Nou pa pral bay okenn sipò pou Ariel Henry. Sitiyasyon peyi a vin pi mal depi li moute sou pouvwa a. Li refize negosyasyon pou yon gouvènman tranzisyon. Sa a ranfòse lide ki fè nou kwè li dwe demisyone a”, selon sa manm kongrè Sheila Cherfilus-McCormick fè nou konnen pandan li te nan antrevi ak medya entènasyonal VOA kreyòl.

Nan deklarasyon li a, depite a McCormick mande pou Haïti tabli yon gouvènman tranzisyon san prezans aktyèl chèf primati a, Ariel Henry, ki, jouk kounye a, konstitiye inik tèt ki nan modèl gouvènman egzekitif bisefal nou genyen an Haïti a. Nan menm okazyon an, madanm nan raple « Ariel Henry pa fè anyen pou pwoteje popilasyon ayisyen an ».

Misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal ki ta dwe deplwaye nan « pa lontan » sou teritwa nasyonal ayisyen an p ap gen yon ajanda sipò pou Premye Minis Ariel Henry, selon sa reprezantan Leta Floride nan Chanm Depite a deklare.

N ap raple, nan moman deba sa yo ap fèt la, akò 21 desanm 2022 a, akò premye minis la te siyen ak kèk aktè politik, ap bout 7 fevriye 2024 jan yo te prevwa sa, men nan menm akò sa, eleksyon te prevwa òganize, poutan, anyen pa rive fèt.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *