Chèf Biwo Entegre Nasyonzini an bay pozisyon li sou konjonkti politik aktyèl la an Haïti 8 novanm sa. Marie Isabel Salvador pa ta renmen yon dezyèm tranzisyon vin ranplase aktyèl tranzisyon ki la a, selon sa li ekri sou kont X li. Selon li, se aktyèl premye minis la ki ta dwe òganize eleksyon jeneral nan peyi a pou fè lòd konstitisyonèl la tounen.
Se sou kont twitter li (X, jodi a) chèf Biwo Entegre Nasyonzini an deklare : « Nou paka soti nan yon prmeye tranzisyon epi nou pase nan yon dezyèm ». Se pozisyon Marie Isabel Salvador ki siman, tanbe bri ki ap kouri pou fè Ariel Henry kite pouvwa a 7 fevriye 2024 daprè akò 21 desanm 2021 an. Madanm nan swete se Ariel Henry ki òganize eleksyon yo.
Pandan deba sa yo ap fèt pou planifye depa Ariel Henry, genyen manm CARICOM yo ki sou wout pou tounen sou tèren ayisyen an, pou vin kontinye jwe wòl medyatè pou ede aktè ayisyen yo jwenn pi bon solisyon anfas kriz sa k ap gangrennen peyi a. Depi 7 jiyè 2021, apre lanmò Jovenel Moïse, se premye minis Ariel Henry k ap dirije peyi a, men li pa janm rive òganize eleksyon.
Maria Isabel Salvador, ki se yon ekwatoryèn, pran pòs kòm chèf biwo entegre nasyonzini an an Haïti depi premye mas 2023, apre sekretè jeneral nasyonzini an te fin nome li nan pòs sila. Madanm nan gen plis pase 25 lane eksperyans kòm jesyonè, konseye politik ak travayè diplomatik. Jodi a, se li ki reprezante nasyonzini an Haïti.
You may also like
-
Désormais, Eden Berandoive joue dans la cour des grands
-
Les coopératives féminines : un outil clé pour l’autonomisation des femmes
-
Depite ayisyano-ameriken Sheila Cherfilus-McCormick mande pou premye minis ayisyen an demisyone
-
Rezo Pluri-femmes mande pou gen plis fanm nan palman ayisyen an
-
Haïti ne sera pas représenté à Miss Univers 2023