Rezo Pluri-femmes, ki anbrase fanm ki nan pati politik yo, lanse yon kanpay pledwaye 7 novanm 2023 a pou pwoteste kont kantite syèj ki rezève pou fanm yo nan palman ayisyen an. Rezo a ankouraje fanm yo espesyalman, tout aktè yo an jeneral, pou yo gonfle venn yo epi bay fanm yo jarèt pou yo ka patisipe nan tout nivo nan politik la, sitou nan dis (10) pwochen lejislati ki pral vini la yo.
Se plizyè fanm ki reprezante plizyè pati politik ki mete tèt yo ansanm, ki soti nan silans yo, pou lanse yon gwo kanpay sansibilizasyon bò kote fanm yo yon fason pou yo ensite yo pou yo al patisipe nan pwochen eleksyon lejislatif ki pral genyen yo. An jeneral, se yon pi gwo patisipasyon nan zafè piblik peyi a rezo fanm politik sila mande.
Marie Denise Claude, kòdonatris rezo Pluri-femmes nan, deplore fèb reprezantasyon fanm yo, nan tout nivo nan peyi a, li di se pou fanm yo kraze baryè a, epi enpoze yo, menm jan ak gason yo, nan palman ayisyen an. Kanpay sa lanse nan tout rakwen peyi a, selon responsab yo, pou yo envite fanm tout plim, tout plimay, pou yo soti tèt yo, epi jwe wòl yo nan zafè politik peyi a lib e libè.
« Haïti nan yon move klasman sou tablo fanm palman yo nan mond la, e sitiyasyon sa dwe chanje ! Nou menm nan Pluri-femmes, nou deside lanse kanpay sansibilizasyon sa pa rapò ak kota 30% an, ki mansyone nan konstitisyon amande ayisyen an, nan atik 17.1 li a », selon medam yo nan Pluri-femmes.
Estatistik yo pa anpil sou koze sa an Haïti, men nou ka sonje, nan 50èm lejislati ayisyen an, te genyen 0,3% nan palman an, gras ak Dieudonne Luma Etienne, sèl fanm ki te eli nan pòs sa pou lejislati li a.
You may also like
-
Désormais, Eden Berandoive joue dans la cour des grands
-
Les coopératives féminines : un outil clé pour l’autonomisation des femmes
-
Maria Isabel Salvador, Chèf biwo entegre nasyonzini an, pozisyone li sou konjonkti aktyèl la
-
Depite ayisyano-ameriken Sheila Cherfilus-McCormick mande pou premye minis ayisyen an demisyone
-
Haïti ne sera pas représenté à Miss Univers 2023