google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
licensed image 4
© %author%

CARACAS, VENEZUELA - JULY 4: Opposition candidate for the primary elections and leader of the Vente Venezuela party Maria Corina Machado speaks during a press conference after being banned from the next elections on July 4, 2023 in Caracas, Venezuela. Machado, who was leading polls among 14 candidates towards the upcoming elections, is to be barred from holding public office for 15 years retroactive from 2015. (Photo by Carlos Becerra/Getty Images)

Vénézuela : Maria Corina Machado ta dwe al afwonte Nicolas Maduro, men eleksyon li a anile

Apre li fin ranpòte eleksyon primè yo nan opozisyon venezyelyen an, Maria Corina Machado ta dwe al afwonte aktyèl chèf Leta a, Nicolas Maduro, poutan, 30 oktòb 2023 a, lakou siprèm venezyelyen anile eleksyon primè ki te pèmèt opozan liberal jwenn tikè pou li ale anfas pati pouvwa. Desizyon sa pran malgre pouvwa ak opozisyon te chita ansanm epi chwazi ale nan eleksyon nan lane 2024.

Opozisyon ak pouvwa venezyelyen an te reyini nan peyi Barbade pou yo te ka jwenn yon antant sou koze eleksyon sa, gras ak moderasyon peyi Norvège. Kòm kondisyon, Leta ameriken te pwomèt l ap fè yon pase men pou aleje sanksyon petwolye yo si tout bagay ap byen mache. Apre lakou siprèm fin deklare sou sit entènèt li « tout efè direfan faz pwosesis elektoral Komisyon Nasyonal Primè yo te pase yo fè yon kanpe », pòt-pawòl depatman Leta ameriken an raple peyi li ap pran gwo mezi si pwotagonis yo ta fè bak sou chimen eleksyon sila.

María Corina Machado se yon fanm politik venezyelyen ki kanpe bò kote opozisyon politik la. Li renmen travay nan asosiyasyon k ap jere timoun òfelen. Kòm zak politik, nan lane 2004, li te rasanble 3 milyon siyati nan yon petisyon pou te mande ansyen prezidan Hugo Chavez pou li kite pouvwa a. Akoz koze sa, madanm nan te jwenn entèdikasyon pou li pa janm kite tèritwa venezyelyen an.

« Kòman ou ka sispann yon bagay ki deja ap fè efè ? » se kesyon Ali Daniels te poze pou montre jan li sezi. Ali Daniels se kòdonatè ONG Access to justice [Aksè a jistis]. Nonm nan di, si objektif primè yo se te chwazi yon kandida, epi primè yo òganize, kandida a chwazi, kisa ki gen ankò ? Lajistis mande opozisyon an pou li ba li tout dokiman primè yo, e menm kaye vòt yo, men opozisyon an refize bay pouvwa a kaye vòt sa yo, yon fason pou yo pa wè kiyès ki vote e pou yo pa al sèvi pèsekisyon pou moun sa yo.

Kanta opozan liberal María Corina Machado, jan koze yo ap dewoule la, sanble li pral oblije genyen eleksyon primè sa yo yon dezyèm fwa, pou li ka al afwonte aktyèl chèf Leta a, Nicolas Maduro, nan eleksyon prezidansyèl yo, ki prevwa fèt nan lane 2024. Annatandan, ameriken yo pa sanble ap fè bak sou alèjman pwodui yo vre, paske gen gwo pwoblèm enèji petwolye nan mond lan akoz gè ki ap eklate toupatou.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *