google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
2023 11 08T025757Z 1706208595 RC2I84AO9M1Z RTRMADP 3 USA ELECTION OHIO
© %author%

Etats-Unis : Ohio mete dwa pou avòtman nan konstitisyon li a

7 novanm sa, se dat kote anpil Eta ameriken òganize eleksyon lokal, eleksyon ki, jeneralman, fèt yon lane avan eleksyon prezidansyèl yo. Nan kad eleksyon sa yo, nan Leta Ohio, popilasyon an vote pou desizyon ki pèmèt tout moun kapab gen dwa sou pouvwa fè pitit yo, rive ekri menm nan konstitisyon Leta sila. Sa fè sèt (7) fwa yon Leta ameriken deside mande popilasyon an avi li sou dosye sa, e tout sèt (7) fwa sa yo, popilasyon an di « wi ».

Ohio ak Kansas, se de (2) Leta ki konèt kòm Leta konsèvatè solid solid, poutan, yo mete dwa pou moun avòte san pwoblèm nan konstitisyon yo. Poutan, gen kèk Leta ki retisan nan sans sa toujou. Glenn Youngkin, gouvènè Leta Virginie, te sou wout pou li ranpòte yon majorite nan asanble lokal Leta a, men li te tou afiche li kòm patizan avòtman volontè. Jouk kounye a, anyen pako mache pou Leta sila li menm.

Gen yon lòt Leta, ki se Kentucky, kote gouvènè a, Andy Beshear, te chita sou dwa pou avòtman kòm chwal batay kanpay li. Malgre se yon Leta konsèvatè, elektè yo te vote nonm nan pou yon dezyèm manda. Dayè, Andy se youn nan eli repibliken ki te gen chans resevwa apèl telefonik prezidan Joe Biden dirèk, kote prezidan an t ap prezante li felisitasyon li pou gany sa.

N ap raple, depi 24 jen 2022, lakou siprèm ameriken te anile yon arete federal ki pote non Roe vs Wade, yon lwa ki, depi lane 1973, te pwoteje tout moun ki entèwonp volontèman yon gwosès. Depi lò arete sa anile a, se chak Leta yo gen benefisye de posibilite pou yo di mo pa yo sou koze avòtman oubyen entèripsyon volontè gwosès. Jodi a, Leta Ohio rantre nan lis kote tout moun ka entèwonp ak pwòp volonte li, yon gwosès, san li pa gen pwoblèm ak lajistis.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *