Fatima nan on komantè li fè anba on teaser li lage sou paj Instagram li ki di » Fè m santi n ap tann Kado 20 septanm sa ». Sa ki anonse ke Fatima pral lage yon nouvo mizik 20 septanm sa k ap vini la.
On semèn aprè soti « Pye m mare » ke Fatima te chante avèk Kenny Haïti ki gentan gen plis ke 1.4 milyon moun ki gade l sou YouTube, ki se yon mizik k ap pale de gason k ap maltrete fanm.
Atis la pa pran vakans, li gentan pare pou l lage on lòt mizik jou lendi 20 septanm k ap vini la. Pèson pa konn sou ki sijè Fatima pral pale nan nouvo mizik li ya, ni ki non mizik la, paske nan teaser li lage ya li koupe son mizik la, se senti l sèlman ou wè l ap brase.
Antouka veye jou lendi 20 septanm kap vini la pou n tande sa fanm ninja a pral ba nou, pou nou mete nan lis mizik pou nou tande yo.
You may also like
-
Désormais, Eden Berandoive joue dans la cour des grands
-
Les coopératives féminines : un outil clé pour l’autonomisation des femmes
-
Maria Isabel Salvador, Chèf biwo entegre nasyonzini an, pozisyone li sou konjonkti aktyèl la
-
Depite ayisyano-ameriken Sheila Cherfilus-McCormick mande pou premye minis ayisyen an demisyone
-
Rezo Pluri-femmes mande pou gen plis fanm nan palman ayisyen an