Foundation for the Emancipation of Women and Girls fete jodi Dimanch 27 mas 2022 a nan otèl Kaliko beach premye anivèsè li nan peyi Dayiti. On fèt ki make ak plizyè aktivite epi nan prezans kèk pèsonalite piblik tankou Chrisnette Saint George epi kèk lidè nan komin Kabarè.
? FEWGI se on fondasyon ki la pou fè pwomosyon pou devlopman tout moun men espasyalman fanm ak tifi nan sitiasyon ki pi difisil? se esplikasyon vis prezidan fondatè a Samuel Thermitus te bay nan diskou li a.
Mesye Thermitus kontinye pou li espoze kèk travay FEWGI fè tankou defann lajistis ak lapè pendan yap gen patenaria avèk plizyè moun nan lemond antye, defann egalite ant fanm ak gason, travay tou sou kesyon edikasyon, sante fizik ak mantal epi finanse on pakèt pwojè.
Se pa sèlman Vis prezidan ki te pran la pawòl nan kad premye anivèsè sa Mme Chrisnette Saint George ki te peye pa prezans ii nan fèt sila te intèveni sou enpòtans fanm nan sosyete a, li te pwofite moman sa pou l te swete FEWGI on bòn fèt e bay konsèy ak medam yo pou yo kontinye lit y ap mennen an pandan y ap respekte tèt yo epi fòme yo.
On premye anivèsè kite chaje ak anbyans, tankou slam, dans, ak on bèl entèpretasyon gwoup Symphonie te fè nan vèsyon enstrimantal mizik sa ki rele » A la fanm yo bèl » ki chante pa Ansy Derose pou mete medam FEWGI yo anvalè.
You may also like
-
Journée internationale pour le droit à l’avortement : Nègès Mawon dévoile le calendrier de ses activités
-
Eliminatoires Gold Cup : 16 Grenadières déjà au rassemblement
-
Qui est Wideline Pierre, la seule femme des 9 personnalités haïtiennes interdites de fouler le sol dominicain ?
-
Des artistes haïtiennes se positionnent en faveur de la construction du canal sur la rivière Massacre
-
La chanteuse Mickael Marabou signe avec le label américain Strawberry Hill Records