Pou rann omaj ak animatris emisyon anglè sa ki rele « DYSE » la ki te konn fèt sou chèn 46, e ki te vin sou medya pa nou an ki rele Dofen News, Fondasyon Félicite soti on nòt pou remèsye Miss Fanfan pou travay li te konn fè nan FF.
Nan nòt sa, enstitisyon an esplike jan Miss Fanfan se te on konbatant, se on moun ki toujou prè pou ede, ki te konn sipòte ekip FF la nan tout jan l kapab.
? Bravo pou tout konba w mennen yo Françoise. ?se youn nan fraz nou ka li nan nòt sa FF mete deyò a.
Fondasyon Félicité tèmine nòt sa, pou yo salye depa fanm kouraj sa ki te bay tout li menm nan sa l te reprezante nan FF.
N ap raple nou Françoise Phoenix Augustin se te jounalis, prezantatris, li pase plizyè medya e l ap fini pakou l ak Dofen News e sete tou pwofesè anglè nan Haitiano, ki mouri 6 oktòb 2021 akòz komplikasyon epidemi sa ki rele Covid-19.
You may also like
-
Jeanne-Elsa Chéry présente son premier recueil de poèmes « Lib e libè, tous en libres »
-
Etats-Unis-IVLP : la journaliste Sheilla Angelique Louis nominée
-
Le film « N ap Boule » continue de marquer les esprits
-
Ligue des nations féminine : deux arbitres haïtiennes sélectionnées
-
Journée internationale pour le droit à l’avortement : Nègès Mawon dévoile le calendrier de ses activités