google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
IMG 20210910 WA0019
© %author%

Kisa Natacha ap regle sou Tik Tok ?

Natacha Lafontant depi kèk jou ap fè hit sou rezo sosyo yo, nan bay kèk konsèy ou byen nan vann pwodwi li yo, ou byen nan fè moun ri. Nou deside jodya gade kisa Natacha Zuzu ya ap regle sou Tik Tok.

Tik Tok ki se on aplikasyon ke on pakèt moun itilize pou fè moun griyen dan yo, ou byen pou fè pwomosyon pou zafè yo.

Sou paj Tik Tok Natacha li gen plis ke 49.7k moun ki abone ak li avèk plis pase 189k moun ki renmen sa lap poste yo.

Natacha Lafontant nan sa lap pataje sou Tik Tok, se bagay tèt chaje nèt. Ou ka menm rive mande pafwa eske tèt li dwat nan sa lap fè yo.

Gen lòt kote nan ti bout video l ap pataje yo li esplike kòman ou ka fè biznis ak on ti kal kòb, il bay kèk konsèy pou di kouman medam yo dwe jere tèt yo.

Men jou Natacha Lafontant fanm kap mouri pou T-joe Zenny an di lap pale moun mal se mete de men nan tèt.

Nou ka wè sa nan denyè Tik Tok ke li pataje pou lap esplike jan nèg Okay pa bon moun e ke li pase 38 nèg Okay e pa gen youn ki te bon. E li profite di si on moun bezwen on nèg pou fè viw pa al Okay paske nèg sa yo pa moun.

Plizyè moun pran Natacha pou modèl nan sa lap di sou paj IG paske gen kèk fwa li di bagay serye men gen delè tout moun wè Natacha ta sipoze al wè on psy paske sa l ap fè yo se rèl kay mako rèl.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *