google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
IMG 20211126 WA0018
© %author%

Platfòm Coversations Essenti’Elles lanse 16 jounen aktivite kont vyolans sou fanm ak tifi

Nan on konferans pou laprès ki fèt jedi 25 novanm 2021, nan lotèl Mariott platfòm Conversations Essenti’Elles nan kolaborasyon ak ONU Femmes e kèk lot patenè lanse 16 jounen aktivite kont vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi.

Se nan okazyon Jounen entènasyonal pou elimine vyolans sou fanm ak tifi estrikti sa yo lanse 16 jounen aktivite sa yo k ap fini 10 desanm 2021 k ap vini la ki se dat ki ap make Jounen entènasyonal dwa lòm.

Mme Rabel, ki se kowòdonatris jeneral Conversations Essenti’elles nan entèvansyon l raple wòl ak objektif oganizasyon li an ki kreye nan lane 2018.

Kowòdonatris la kontinye pou l esplike pou mete kanpe plizyè aktivite tankou sansibilize, edike mobilize anpil chanjman nan rapò ki gen ant fanm ak gason nan sa ki konsène pwoblematik vyolans baze sou jan.

Se on pakèt aktivite k ap fèt chak ane depi 1991 nan lide pou elimine vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi. On evènman ki reyini tout aktè ak aktris kle, tankou òganizasyon feminis yo ki dwe ensite gouvènman an rekonèt vyolans seksyèl tankou se on vyolasyon dwa lòm.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *