Depi 2016 nou t ap tann yon nouvo albòm nan men atis Barbade la. 26 oktòb 2022 a, li anonse, sou instagram, yon nouvo mizik pou plezi zòrèy nou. Lap rele Lift me up (pouse mwen monte). Mizik sa ap soti vandredi 28 oktòb 2022 a. L ap sèvi tou nan fim Black Panther : Wakanda Forever, yon nimewo 2 apre lanmò ewo fim nan.
Nou tande 14 segond nan mizik la sou instagram. Men, sa pa sifi pou ban nou lide sou entansite mizik la, sa vin fè nou rete ak menm swaf la, n ap tann mizik la soti. Se yon mizik omaj pou Chadwick Boseman, ewo fim Black Panther a (nan nimewo 1 an), ki te mouri 28 dawout 2020 akoz maladi kansè kolon li te soufri.
Rihanna chante Lift me up, men se pa li sèl ki ekri mizik la. Pwodiktè Ludwig Göransson, chantez Temilade Openiyi (Tems) e menm reyalizatè fim Black Panther a, Ryan Coogler, tout mete touch pa yo nan konsepsyon zèv sila. Pwodiksyon Marvel li menm (ki ap fè fim nan), anonse nan yon kominike pou laprès, mizik Lift me up, se kòmansman yon nouvo etap nan karyè atis Rihanna. « Anti », se non albòm manman pitit la pral soti apre grenn mizik sa.
Soti 2016 pou rive 2022, nou pa wè atis la sou sèn, men li pa t rete san bouje. Okontrè, li t ap bouje ase byen, paske kounye a li vin milyadè, gras ak biznis li louvri nan kesyon kosmetik, lenjri e menm mòd. Epi nou tout sonje li te ansent, enbyen depi mwa me 2022, fanm 34 lane a akouche pitit li fè ak rapè A$AP Rocky a.
You may also like
-
En cas de crise cardiaque en public, les femmes ont moins de chance d’être sauvées que les hommes
-
Affaire du baiser forcé : des dirigeants de la fédération espagnole prêts à porter plainte contre les joueuses ?
-
FIFA The Best : des femmes sont aussi nominées
-
France : yon sondaj montre anpil fransè estime Marine Le Pen gen kalite pou li vin prezidan peyi a
-
Espagne : la majorité des championnes du monde refusent de retourner en sélection