google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
221026 anne jakapong jakrajutatip mn 1450 ac58e4
© %author%

Thaïlande : yon gran fanm « transgenre » achte « Miss Univers » pou 20 milyon dola

Biznismann sa soti nan peyi Thaïlande, li se yon fanm « transgenre ». Se premye fanm ki achte òganizasyon Miss Univers sou tout 71 lane òganizasyon an fè nan mond lan. Anne Jakapong Jakrajutatip achte konkou sa pou 20 milyon dola. Jèn dam nan se avoka epi PDG JKN Global Group, yon sosyete ki baze nan peyi li, Thaïlande.

Antank fanm « transgenre », Jakapong te ede nan mete sou pye Life Inspired for Transsexual Foundation, yon fondasyon pou defann dwa tout moun transgenre. Avoka a konsidere acha li fè a tankou yon atou solid pa rapò ak plan li te genyen deja.

Akova a di, nan yon kominike pou laprès : « Non sèlman n ap swiv eritaj òganizasyon an nan kenbe platòm nan pou moun ki pasyone pou yo viv divès orizon, kilti ak tradiksyon, men tou, nou pral pote touch pa nou, pou jenerasyon k ap vini an ».

Òganizasyon Miss Univers te pou Donald Trump ant 1996 a 2015, li te kopwopriyetè. An 2015, IMG d’Endeavour te achte li jiska jounen jodi a kote Jakapong fè yon kout nan achte li tou. Menm si li achte òganizasyon an, jiskaprezan se menm PDG li te genyen an k ap dirije li : Amy Emmerich. Epi Paula Shugart toujou prezidan li.

Apre akò pou JKN Global Group achte òganizasyon an nan men Endeavour, prezidan Endeavour la, Mark Shapiro, di li « fyè pou pwogrè òganizasyon an fè pou l vin yon platfòm ki pi laj, ki pi pisan, e sitou paske li pèmèt fanm yo fè objektif biznis yo pwogrese, e menm fè yo soutni yon kòz pou li rive pi lwen ».

Se depi lane 1952 konkou sa kòmanse fèt. 165 peyi gade li jounen jodi a. Nan tout tan sa, se jis an 2018 yon premye fanm transgenre pral patisipe ladan : Angela Ponce, ki te Miss peyi Espagne nan epòk la.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *