google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
IMG 20210920 WA0013
© %author%

Tamara Suffren lanse « La Tamiou Beauty », premye liy pwodwi bote li

Tamara Suffren lanse dimanch 19 septanm 2021 nan otel El Rancho liy pwodwi li ya ki se « La Tamiou Beauty » ki genyen 2 jèl, youn se Curly gel epi lòt la se Edge Control nan prezans laprès ak gran piblik la ki te fè deplasman.

Tamara Suffren esplike nan aktivite a ke rezon ki fè li prezante liy pwodui sila, se pou pwopoze piblik la on nouvote.

Youn nan rezon ki fè se pwodui pou cheve li lanse paske li menm se cheve natirèl li genyen e li pa janm mete pèmanent, li toujou ap chache on mwayen fasil pou l penyen se pou rezon sa li fè gel Curly pou boukle cheve e Edge Control pou fè ti danfans devan tèt.

Tamara Suffren chwazi non « La Tamiou Beauty » paske Tamiou se on ti non afeksyon moun lakay li bay li pami plizyè lòt. Li te teste non sa sou Facebook pami anpil lòt e li te remake ke se li moun yo te pi renmen.

Atis la kontinye pou l fè konnen fi kou gason ka itilize pwodui sa paske li pa fèt ak alkòl, e li pap kite tras blanch nan tèt pèson ki ap itilize yo paske se youn nan pwoblèm li te konn jwenn nan lòt gèl li te konn itilize e ke li rezoud pwoblèm sa nan pa li a.

IMG 20210920 WA0011
Tamara Suffren lanse "La Tamiou Beauty", premye liy pwodwi bote li 5

Se pa sèlman de gèl sa yo k ap nan « La Tamiou Beauty » gen plizyè lòt pwodui k ap vini men anatandan Tamara Suffren lanse de sa yo toujou daprè sa li di.

Nan lansman liy pwodui ke Tamara Suffren lanse ya ki se « La Tamiou Beauty » te gen plizyè atis ki te fè deplasman pou te vin bay gran piblik la plezi e sipòte atis la nou ka site atis Cisco ak chantèz Cinthia Jean Louis ki te pèfome e menm Tamara Suffren te chante de moso pou fè piblik la plezi.

Yon lansman ki te enteresan kote laprès, plizyè atis, ansyen depite Caleb Desrameaux e piblik la te vini pou bay Tamara Suffren sipò yo nan jou sa kote li lanse biznis li an.

N ap raple nou ke Tamara Suffren se pa sèl atis fanm nan HMI la k ap chante ki lanse yon biznis aprè mizik yo fè. Nou ka site Blondedy Ferdinand ak krèm blondelight li yo epi estidyo ke li genyen, Darline Desca ak shop li a e Ruthselle Guillaume avèk RG Lux pou site ke sa yo sèlman.

Sè denyè tan medam yo deside pa kite anyen pase, y ap fè mizik e y ap fè biznis sa ki bon pou sosyete e ki bay egzanp ak ti jèn yo pou yo vin endepandan nan chèche on biznis pou yo fè.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *