Nashali Alma, yon amerikèn pwofesè antrènman fizik ak espòtif (fitness) kap viv nan Eta Floride, rive fè yon gason ki tap agresel abandone epi al fè wout li akoz fatig, apre anpil mannèv.
Imaj yo kriyèl anpil. Nan yon videyo ki ap sikile sou tout rezo yo nou kapab wè yon gason ki abiye an blan ki ap pwoche tipa tipa epi atake yon fanm nan yon sal espò nan apatman li nan vil Tampa Eta Floride. Fanm sa rele Nashali Alma, li gen 24 lane, se yon etidyan nan Fizik ak Syans Byomedikal. Li se tou yon antrenè egzèsis fizik epi yon atlèt.
Amerikèn lan defann tèt li ak anpil kouraj pandan li te tou ap eseye rele sekou, telefòn li nan menl. Agresè a, ki rele Xavier Thomas-Jones rapouswiv espòtif la epi frape li atè pou eseye vyole li anba pwojektè plizyè kamera videyosiveyans. Sèn sa te filme 22 janvye 2023 men se semèn sa yo pibliye li.
Agresè a ak viktim lan disparèt nan videyo a pandan plizyè segond pandan tan sa, Nashali Alma rive fatige epi dekouraje prezime kriminèl la. Apre 2 minit tantativ agresyon, agresè a vin gen difikilte pou respire. Nashali pwofite pou chape poul li.
« A chak fwa li tap eseye apwoche m mwen repouse l. Mwen di l Frè, sa wap fè konsa, kite m, sispann touche m, al fè wout ou » deklarasyon jèn etidyant lan nan yon videyo lapolis difize kote li tap bay detay sou ensidan.
Espòtiv la chwazi temwanye sou zak sa nan lide pou ankouraje chak viktim pou aprann defann tèt yo pandan yon zak agresyon.
« Paran m te toujou aprann mwen, nan lavi pou m pa janm abandone » mwen te panse ak konsèy sa pandan mwen tap debat ak agresè a.
Agresè a gen 25 lane. Lapolis arete li pou pi piti 24è aprè tantativ li a. Plizyè akizasyon ap peze sou do l pami yo tantativ kidnapin, anprizònman ilegal epi agresyon seksyèl.
You may also like
-
Turquie : une femme nommée à la tête de la banque centrale, une première
-
Beyoncé enflamme le Stade de France
-
Céline Dion met sa carrière en pause
-
Cannes 2023 : 7 réalisatrices en compétition pour le Palme d’or, un record dans l’histoire du festival
-
Haïti-Foot : la joueuse de football Kerly Théus honorée à North Miami