Anne-Claire Legendre, pòt-pawòl ministè zafè ewopeyen ak etranje fransè a, pale sou kriz k ap layite nan peyi a. Li pote soutyen li bay pèp ayisyen an an jeneral, li salye rejim sanksyon yo an patikilye epi raple kantite lajan èd imanitè peyi li bay Haïti jouk 2023 sa. Se Medya Haïti Libre ki pibliye enfòmasyon sa 8 me 2023 a.
« Haïti se yon preyokipasyon priyoritè pou France, an Haïti n ap fè fas ak yo gwo kriz politik ak sekiritè, sa ki gen grav konsekans sou popilasyon an, sa ki, an menm tan, anpeche èd imanitè yo fè chimen yo gen pou yo fè, malgre kontèks ekonomik ak sosyal la ap degrade chak jou pi plis. » selon pòt-pawòl la.
Anne-Claire Legendre note la France ak rès kominote entènasyonal la rete mobilize, kit sou plan sekiritè, politik oubyen imanitè. Li raple fransè yo jwenn rapò nan men Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun an Haïti, ki di tout kapital Pòtoprens lan anba kontwòl gwoup kriminèl. Se pou sa, pòt-pawòl la vle soutni polis ayisyen an epi apiye rejim sanksyon ki te kòmanse pran yo gras ak rezolisyon 2653 konsèy sekirite Nasyonzini an te mete sou pye.
Fransè yo note nouvèl dyalòg politik ki te rive jwenn yo ak akò 21 desanm 2022 a, se pou sa yo mande pou yon konsèy elektoral monte rapid vit pou fè eleksyon. Pou montre jan La France mobilize, Anne-Claire anonse ogmantasyon èd imanitè fransè a ki monte an 9 milyon ewo, kote 5,5 milyon ladan li ale pou nan domèn manje.
You may also like
-
Kerry Washington révèle avoir eu recours à un avortement sous une fausse identité pour protéger sa carrière
-
Violences faites aux femmes en France : le budget est nettement insuffisant
-
L’Ethiopienne Tigst Assefa remporte le marathon de Berlin et écrase le record du monde
-
La journaliste française Ariane Lavrilleux libérée après 48h de garde à vue
-
Journée internationale de l’égalité salariale, les sociétés peinent à assurer l’équité entre hommes et femmes