google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
20221230 100432
© %author%

Bilan : aksyon kèk fanm politik nan mond lan ki make lane 2022 a

Jefò pou fanm yo patisipe nan lavi politik mond lan ap kontinye chak jou ki jou. Pou ane 2022 a, fanm yo pa t bouke fè valè yo sou plan politik. Plizyè nan yo, sitou sila ki te nan politik deja, rive kite yon tras nan mond lan pandan lane a. Nou retrase kèk nan yo, an Haïti kou lòtbò dlo, e nou pote yo pou ou.

Pou ane 2022 a, an Haïti, gen plizyè fanm ki make lavi politik la ak prezans epi patisipasyon yo. Pami yo, Emmelie Prophète-Milcé, ki rive nome kòm minis jistis ak sekirite piblik lendi 14 novanm 2022 a. Se yon pòt-fèy anplis pou minis kilti a kominikasyon an, ki pran kouraj li ak de men pou sèvi peyi li. Ankò, apre akò premye minis Ariel Henry te siyen 21 desanm 2022 a, se non Mirlande H. Manigat ki soti, pami de (2) lòt manm wo konsèy tranzisyon akò sila akouche a. N ap raple, depi apre Ertha Pascale Trouillot te
prezidan pwovizwa an 1990, pako gen fanm ki okipe pòs prezidan an Haïti.

An France, ansyen minis transpò yo, ansyen minis tranzisyon ekolojik ak solidè a, epi ansyen minis travay la, Élisabeth Borne, rive nome premye minis nan dat 16 me 2022 a. Li se dezyèm fanm ki rive nan pòs sa an France, apre Edith Cresson, ki te premye minis an 1991.

Yon lòt bò, Yaël Braun Pivet eli kòm prezidan asanble nasyonal fransè a 18 jen 2022. E pou ka pa li a, se premye fanm ki rive nan pòs sa. Poutan, Marine Le Pen, li menm, make ane a nan fason pa li, paske sa fè twazyèm fwa li kandida pou prezidans, malerezman pou chèf pati Rasanbleman Nasyonal la, rèv li pa reyalize, men li fè bèl figi nan eleksyon yo.

Sanna Marin, se premye mins peyi Finlande. Nan mwa dawout 2022, kèk imaj kote li te nan fèt ak kèk zanmi rive pran lari. Se la, detraktè li yo ta pral di se dwòg Sanna te al pran nan fèt la ak zanmi li yo. San chire pit, ni fache, Sanna Marin ale fè tès depistaj, e tès yo montre li pa t konsome dwòg nan dènye jou yo. Pou kouraj li ak jan li jere dosye sa byen senp e byen fasil, kotidyen alman Bild deziye li kòm premye minis ki pi rilaks nan mond lan.

Pou ka Liz Truss la, se te diferan, apre li fin nome premye minis Angleterre nan dat 6 septanm 2022, li te blije demisyone kite pòs la 25 oktòb nan menm ane a, akòz desizyon li yo pa t favorab pou lòt politisyen yo. Se de (2) jou apre li te fin pran pouvwa, mond lan pèdi youn nan pi gwo fanm politik li yo : rèn Élisabeth II (Elizabeth Alexandra Mary), ki mouri 8 septanm 2022.

Yon lòt bò, Giorgia Meloni vin premye fanm ki
okipe pòs prezidan konsèy minis nan peyi Italie. se yon pòs nou ka konpare ak premye minis.

Ane 2022 a, se te eleksyon demi manda nan peyi États-Unis (madi 8 novanm 2022), anpil fanm te rive fè valè yo nan eleksyon sa yo. Nou te konstate plis fanm kandida nan pati demokrat la pase sila ki nan pati repibliken an. Depite, senatè, gouvènè ak lòt pòs ankò, te pèmèt fanm kou gason toke kòn yo sou tablo politik ameriken an. Sou menm lanse sa, nou te viv listwa Marleine Bastien, yon ayisyano-ameriken, ki vin
komisyonè dezyèm distri Miami-Dade County.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *