Mèkredi 29 septanm 2021 an tribinal vil Los Angeles, nan Californie pran desizyon pou yo retire Britney Spears anba titèl papa l Jamie Spears. Se yon bagay chantèz amerikèn nan te vle paske li kalifye se te abi menm si pwofesyonèlman l ap toujou rete anba titèl jouk pwochèn odyans la.
Jij Brenda Penny wè akò Jamie Spears pou l se titèl chantèz la pa valab e nan odyans la li pran desizyon pou yo kanpe l nan enterè atis la, on desizyon ki pran efè imedya.
Depi nan lane 2008, kote Britney Spears te gen kèk pwoblèm mantal, yo te metel anba titèl papa l pou te ede l jere vi prive l ak vi pwofesyonèl li enben aprè desizyon jij la nan odyans la, yo deklare Jamie Spears pa gen dwa pou l pran okenn desizyon pou atis la ankò.
Dezomè vi pwofesyonèl atis la se moun ki espè nan domèn nan ki pral jere l jouk gen on lòt odyans ki fè sou sa nan mwa k ap yo.
You may also like
-
All I want for christmas is you n’est plus numéro un du classement Billboard Hot 100
-
Taylor Swift, personnalité de l’année du magazine « Time »
-
La première femme nommée à la Cour suprême américaine est décédée
-
Sheynnis Palacios ne peut plus rentrer au Nicaragua
-
Gold Cup féminine 2024 : l’arbitre du match Haïti-Costa Rica fortement critiquée