google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
IMG 20210916 WA0002
© %author%

Jada Pinkett Smith fè tèt kale

Aktris Jada Pinkett Smith prezantatris « Red Table Talk » ki se madanm aktè Will Smith parèt ak yon nouvo koup kote li koupe cheve l.

Se pa sèlman Jada Pinkett ki kale tèt li, genyen pitit fi li ki se Willow Smith ak aktris Yvonne Orji ki yo menm tou koupe cheve yo.

Nan yon ti videyo ki sou paj Instagram Jada Pinkett Smith, ou wè kote plizyè lòt moun enflyanse pa modèl koup sa, e ke malgre cheve yo long rive sou do yo, yo deside koupe cheve yo mete yo a la gasòn.

Nou menm tou nou gen atis ki konn abitye fè sa kòm Rutshelle Guillaume se ti koup abityèl rebèl nou an. Menm si denyè tan sa yo li plede mete lace.

Nan denyè epizòd « Red Table Talk » la gen twa medam ak cheve long ki vin koupe cheve yo devan kamera, pou yo menm se yon siy de liberasyon pa rapò ak yon dikta ki vle fè kwè ke yon fanm dwe gen long cheve pou l bè l. Mari medam sa yo te akonpanye yo nan demach sila.

Eske an Ayiti se pa pra l on fason pou medam yo konbat chalè a ? Eske sa vle tèt kale ap tounen a la mòd ?

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *