google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
AA18ygqJ
© %author%

Mali – reprezantativite : fanm yo kontinye goumen pou yon pi bon plas nan lavi politik la

Mali fè anpil pwogrè nan fè pwomosyon pou dwa fanm. Pwomosyon sa yo ogmante reprezantativite medam yo nan diferan enstans ki gen pouvwa pou deside yo. Malgre tou jefò sa yo, gen anpil wout ki rete pou fèt, yon fason pou tout fanm malyèn gen yon pi bon reprezantasyon nan mond politik la.

Lwa nimewo 2015-052 a enpoze kèk mezi nan lide pou ranfòse egalite jan an nan sa ki gen pou wè ak fonksyon nominatif yo ak elektif yo. Se yon lwa ki te adopte 18 desanm 2015 nan peyi Mali, ki ede plis fanm jwenn aksè nan pòs yo. An 2009, se te 9% fanm ki te eli nan eleksyon minisipal yo nan peyi a, poutan an 2016 (apre lwa 2015-052 a) kantite a ogmante, li pase a 25% fanm nan eleksyon minisipal yo. Pou eleksyon lejislatif yo, an 2013 te gen 9,52 fanm ki eli, epi an 2020, te vin gen 28,57% fanm eli. Chif yo ap monte piti piti an favè medam yo.

Pòs elektoral yo pote lamayòl nan ogmantasyon pousantaj fanm yo pandan 7 dènye lane sa yo, poutan fonksyon nominatif yo pote bouji a, paske se ak gwo difikilte pou nou jwenn 20% fanm ki nome nan gouvènman an. Nan lane 2021, se 15,4% fanm ki te resanse nan pòs direktè sèvis santral yo, 11,1% nan pòs anbasadè yo epi okenn fanm pa t nome kòm gouvènè, selon estatistik sou fonksyon nominatif ak elektif nan sèvis piblik malyen yo.

“Nan ka pòs elektoral yo, fanm yo ap byen pase. Men, nan kad relasyon ak nominasyon yo, se pa menm bagay. Souvan, nou aprann se gason sèlman ki nan pòs yo” selon Maiga Oumou Dembélé, Pòt-pawòl Kad Konsiltasyon Fanm nan Pati Politik yo ki kwè se otorite politik yo menm ki pa manifeste volonte pou mete fanm yo nan pòs nominatif yo. Maiga fè yon eksepsyon ak enfòmasyon li genyen sou biwo premye minis la : se 5 fanm sou 9 ki ap travay kòm Manadjè Pwojè nan Biwo sila.

« Desizyon politik yo pa soti nan nou. Moun k ap pran desizyon yo dwe gen volonte pou chanje bagay yo pou bagay yo avanse. Nou menm antanke fanm, nou ka sèlman defann kòz la, men pa gen anpil bagay nou ka fè apre sa. Nou ka jis fè pledwari pou respekte lwa a » toujou selon Maiga ki rete kwè se plede medam yo kapab kontinye plede pou yo taye yon pi bon plas nan mond politik la nan peyi Mali.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *