google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
1552616073
© %author%

Crédit photo : soumise par Stéphanie Adrien

“Mantalite Limena”. Et pourquoi pas?

Pa bò isit, lakay nou an Ayiti, yo pa toujou konsidere lavi yon limena nan on fason ki pozitif e egzanplè.

Sa lakoz anpil nan nou grandi ak on move pèsepsyon de mo sa a. Nou plis wè yo tankou fanm ki sòt, ki sèlman fokis sou aparans yo, ki pa sou aprann anyen serye. Pou nou menm, jeneralman, lavi on limena redui sèlman ak bèl bout grèf, fo zong, pwogram vire tounen, epi mache manke moun dega pasi pala. Se ak anpil kè kontan mwen te arive dekouvri, sou rezo sosyo yo, yon inisyativ ki gen pou tit, tenez-vous bien : “Limena Mindset”.

An kreyòl, se yon fason panse ki ale nan menm sans ak yon limena. Lè mwen apwoche yo pou te aprann plis de yo e pèmèt piblik la tou dekrouvri kisa yo gen nan djakout yo, se ak anpil plezi yo te aksepte reponn a repòtaj mwen an. Men kijan konvèsasyon nou an te dewoule.

Dofen News.: An 2-3 mo, se kisa L.M. nan ye?

Limena Mindset.: Se yon platfòm dijital sou devlòpman pèsonèl fanm ayisyèn ki la pou ankouraje medam yo gen yon mantalite pozitif pou reyalize rèv yo epi bay yo kèk bon jan mwayen ak enfòmasyon pou ede yo amelyore fason y’ap viv.

D.N. : Se kiyès ki dèyè inisyativ Limena Mindset? Kisa ki te pousel mete li sou pye?

L.M. : Se yon sèl moun ki kanpe dèyè L.M. Men, pou evite moun pran mouvman an twò pèsonèl, lè m’ap prezante li, mwen chwazi anplwaye pliryèl nan plas sengliye.

Pou kounya, mwen chwazi rete anonim, paske objektif la se pa vin popilè men fè travay m’ap fè a vale teren. Se travay mwen ki pou pèmèt sosyete a dekouvri kiyès mwen ye. Mouvman L.M. nan lanse pou pèmèt mwen genyen yon piblik pi devan. Mwen se yon jenn fanm 21 lane ki ta swete vin yon gwo konferansyè sou motivasyon (motivational speaker). E pou sa rive fèt, fòk gen travay ki reyalize deja. L.M se yon pon ki pou pèmèt mwen gen on bèl piblik pou lè m’ap gen pou òganize konferans mwen yo. Fòk nou fè piblik la konnen tou ke moun ki pran inisyativ mouvman sila anonse nou li ap rann imaj li ofisyèl lè L.M.ap gen 2 mwa. Lojikman se ta sipoze an avril. Kidonk… yon ti pasyans. 

Nou te ale pi lwen nan konvesasyon an. Toutotan mwen t’ap dekouvri kisa L.M ye, se plis mwen te anvi aprann de li. Nou te bezwen konnen si fason moun alèkile konsidere limena nan sans pejoratif li, se menm fason an L.M. te wè li. Yo te reponn nou konsa :

D.N.: Anpil moun konsidere Limena tankou on fanm ki pa renmen aprann, ki plis fokis sou fè “show off”. Se kijan nou konsiderel nou menm?

L.M.: Nou gade li nan on bon sans, vrè sans li. Pou nou, limena a se on fanm ki toujou fre, ki edike, kwè nan tèt li, ki ap batay pou rèv li e ke tout moun ta swete apwoche.

D.N.: Enteresan. Antanke se yon mouvman ki gen yon objektif, se ki kote nou ta swete rive?

L.M.: Pi lwen ke posib ! Limena Mindset vle rive nan bay konferans pou plizyè santèn fanm sou motivasyon, sou enpòtans yo genyen ak kijan yo ka itilize kapasite yo pou reyalize gwo pwojè ki ka itil sosyete yo. Nou anvi wè medam ki motive, plis jèn fi antreprann e temwaye de sa!

D.N.: Èske nou santi mouvman an kòmanse byen pase?

L.M.: Limena Mindset te lanse pou rive sou anpil moun men li pa t’ atann li sa t’ap rive vit konsa. Nan espas 1 mwa sèlman, nou gentan genyen anviwon 1400 moun ki ap suiv nou sou 3 rezo sosyo mete ansanm. 185 sou fesbouk(Facebook), 169 sou twitè(Twitter) epi 1036 sou enstagram(Instagram) . Plizyè moun fè nou konnen jan yo renmen paj la yo e ke yo apiye mouvman an.

D.N.: Ki atant nou genyen fas a piblik la?

L.M.: Nou atann nou a patisipasyon piblik la nan travay k’ ap fèt la epi nan aplikasyon teknik yo ki ka fè anpil chanjman nan lavi yo.

D.N.: A kisa moun ki ap suiv nou dwe atann yo. Ki pwochèn etap la?

L.M.: Byento n’ap gen layv sou enstagram ak fesbouk. Aprè n’ ap rantre nan pati konferans yo. L.M. gen pou lanse plizyè gid tou. Epi òganize anpil aktivite sosyal tankou tchalendj, talk show, elatriye pou sa ankadre jèn fi ak bèl pwojè yo ta ka genyen.

M’ te anvi yo kite on denye mesaj pou piblik la, e denye mo yo pou limena yo te pati konsa : Tout fanm ta dwe bat pou vin yon limena. Li posib. Se kwè nan tèt ou, aprann de erèw, kiltive sajes, lanmou ak pasyans. Lanmou pou tèt nou ak antouraj nou. Pa bliye rele sou kò nou tou paske yon limena dwe toujou 2 jan : Toujou fre epi toujou motive!

Limena Mindset, et pourquoi pas?

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *