google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
DSC 8397 1 scaled e1677706644710
© %author%

María Isabel Salvador nome kòm nouvo reprezantan Nasyonzini an Haïti

Sekretè jeneral Nasyonzini an nome María Isabel Salvador kòm reprezantan espesyal pou Haïti e kòm chèf Biwo Entegre Nasyonzini an Haïti, mèkredi premye mas 2023 a. Ekwatoryèn nan ranplase Helen Meagher La Lime nan pos sila.

María Isabel Salvador se yon fanm ki gen plis pase 25 lane eksperyans nan domèn jesyon, nan konseye sou plan politik ak diplomatik. Dayè, li te prezidan konsèy admininstrasyon nan zile Galápagos nan peyi li (ant 2013 a 2015), li te reprezantan pèmanan peyi li nan Òganizasyon Eta Ameriken yo (ant 2010 a 2013), li te reprezantan pèmanan peyi li nan regwoupman ansanm palmantè peyi and yo (ant 2009 ak 2010). Soti 2005 pou rive 2007, li te pase kòm minis touris, kòm minis zafè etranje, kòmès ak entegrasyon…

Sou plan akademik, María Isabel Salvador gen yon metriz nan administrasyon afè nan inivèsite Andrés Bello, nan Chili ak nan inivèsite Ewop nan Madrid, an Espagne. Li gen yon lisans nan lang ak sivilizasyon fransè nan inivèsite Genève (Suisse). Aktyèlman, l ap fini ak yon diplòm nan domèn dwa moun ak lanati, nan Inivèsite Amerik yo (Universidad de Las Américas).

María Isabel Salvador pale panyòl depi lè li te timoun, se lang matènèl li. Anplis lang sa yo, li pale angle ak fransè nan kad travay li. Genyen gwo defi k ap tann li kòm nou reprezantan espesyal nasyonzini an Haïti.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *