google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
Screen Shot 2020 03 29 at 2.57.35 AM
© %author%

Source photo Haiti Liberté

Medam ouriyèz yo ap reklame pi bon kondisyon travay nan izin yo an Ayiti

Nan jou ki te 21 ak 22 me a, yon foul moun, ouvriyèz ak ouvriye pran lari pou reklame yon salè minimòm mil (1000) goud epi fòse gouvènman an plas la respekte pwomès li te fè poul ba yo bon jan akonpayman sosyal. Pankat nan men, y ap voye slogan, ouvriyèz ak ouvriye ap mande pou yo sispann sibi eksplwatasyon sou tout kalte fòm anndan faktori yo.

Pifò moun ki nan klas ouvriye ya an Ayiti se fanm. Konsa, nou ka konprann yon bann ak yon paket fanm ki toujou pran lari pou denonse sa ki pa mache nan kad travay yap fè chak jou nan pak endistriyèl yo. Yo mande pou gouvènman an plas la respekte pwomès li te fè pou te ba yo avantaj tout kalte mete a kote ti grapday yap touche a. Anplis, yo reklame yon salè minimòm mil (1000) goud pa jou.

Seri manisfestasyon sa yo ki kòmanse depi jou fèt travay ak agrikilti a nan peyi Dayiti jou ki te premye (1) me ya. Yo te pwofite tou pou denonse zak tankou vyòl ki ap fèt nan izin yo. Konsa, nou te kapab li sou kèk pankat « aba kadejakè nan izin yo ».

Depi batay pou salè minimòm nan lane 2008 la ki te mennen desan (200) goud la rive sou arete prezidan Jovenel Moise ki te fiksel twasansenkant  (350) goud  nan lane 2017 ki se pi piti salè travayè tout kalte dwe resevwa, ouvriyèz ak ouvriye se maswife y ap monte. Reyalite a montre aklè, pou  anpil nan yo depans yo fè chak jou depase lontan kòb y ap antre alòske nou konnen travay se yon zafè diyite moun. Yon espas ki dwe pèmèt fanm kou gason repwodui fòs kouraj yo, pran swen pitit yo ak ba yo bon jan lenstriksyon tou, elatriye.

Ta sanble nan lojik sa kote pri pa janm sispann monte, travay nan sektè sa san nou pa gade nan yon nivo ki pi laj, ta lwen pou satisfè bezwen ki ta menm parèt pi piti yo. Yo pa gen pouvwa lajan pou ta achte sèvis yo bezwen nan kelke swa nivo a. Lè nou konnen, nou bezwen manje, bwè, abiye, jwenn yon kote pou nou domi, si nou ta site sa yo selman.

Nan yon kontèks kote sitiyasyon peyi a ap pi malouk chak jou, tout kalte pwoblèm ap taye banda, pri gaz ap monte bwa kidonk pri pwodwi premye nesesite yo tou, ki avni posib pou fanm nan sektè sa?

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *