google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
ANNE ROSE SCHOEN 2
© %author%

Ministè Jenès, Espò ak Aksyon Sivik òganize yon atelye travay sou vyolans seksyèl nan zafè espò an Haïti

Anba tèm « Vyolans seksyèl nan zafè espò, yon gwo fleyo : kòman pou nou rekonèt li epi fè prevansyon kont li ? », Ministè Jenès, Espò ak Aksyon Sivik òganize de (2) jounen aktivite nan dat 26 ak 27 oktòb nan otèl Montana. Pou tanmen atelye travay sa, Minis Raymonde Rival montre enpòtans tematik sa genyen nan chanje lide yo pou kouri dèyè tout move pratik vyolans sou fanm ak ti fi oubyen lòt ki ta ka fèt nan federasyon espò yo.

Sou tab envite espesyal yo ki t ap entwodui jounen an, nou jwenn Minis Espò ak Askyon Sivik la, Raymonde Rival ak Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Emmelie Prophète-Milcé, ki se an menm tan minis lakilti ak kominikasyon. Se yo de (2) sèlman ki te reprezante fanm yo nan sans sa.

Pou prezante epi anime atelye sila, se Anne-Rose Schoen ki te itilize yon metòd patisipatif pou pèmèt reprezantan chak federasyon espò konprann byen kisa sa vle di vyolans seksyèl nan koze espò. Nan premye jounen sila, fanm 67 lane a prezante jeneralite yo, li pale de prevansyon vyolans seksyèl yo nan espò a, li pale tou de deklarasyon misyon, estati ak kòd ki la oubyen ki ta dwe amelyore pou ede konbat vyolans seksyèl nan pratik espò yo. Tabli yon gid konpòtman, fè lapati mache pou ede tout atlèt ak dirijan konnen pyès moun pa dwe gen pouvwa sou kò yo oubyen fè yo chantaj pou pran pouvwa sou kò yo. Li prezante enfrastrikti tou, tankou mwayen ki ka ede nou konbat koze sila, tankou mete douch gason ak fanm lwen youn ak lòt.

Pou dezyèm jou a, an brèf, fòmatè a prevwa pale sou fason pou ranfòse fason panse ni ti fi ni tigason yo. Li pral pale tou, sou mizanplas ak pratik politik pwoteksyon timoun an jeneral. Timoun oubyen jèn ki ap evolye nan federasyon espò yo ap fè sa anba kontwòl dirijan yo, se pou sa fòmatè a pral pale de wòl dirijan sila yo epi de pi bon fason ki ka itilize pou pwofesyonalize moun sa yo. Pou li fini, li pral pale sou kijan pou responsab yo entèvni lè gen agresyon seksyèl.

Nan de (2) jou sa yo, objektif la rete sansibilizasyon manm federasyon espò yo kont vyolans sou fanm, ti fi e menm gason ak ti gason nan zafè espò.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *