google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
FB IMG 1678458710063
© %author%

« Wo konsèy tranzisyon an ap konnen anpil difikilte », plenyen Mirlande Manigat

Mirlande H. Manigat, manm Wo Konsèy Tranzisyon an prezante diferan demach konsèy sila ap antreprann nan kad misyon li epi pwofite prezante obstak l ap rankontre nan egzèsis fonksyon li. Se nan mikwo jounalis Frantz Duval, nan emisyon Panel Magik, 8 mas 2023, ansyen senatè a t ap bay eksplikasyon sa yo.

Depi enstalasyon li, 6 fevriye 2023, Wo Konsèy Tranzisyon an chita nan yon biwo ki nan menm batiman ak Ministè Kòmès ak Endistri.

« Konsèy la nan senkyèm etaj batiman an, e se vre gen biwo nan espas la, men biwo yo pa ekipe, sa ki ban nou difikilte pou nou travay […] menm yon fèy papye pa genyen nan biwo yo, se pou sa nou pwoteste pou jan yo trete nou », selon Mirlande Manigat ki deplore sitiyasyon sa, yon sitiyasyon, selon li, ki lakoz anpil moun nan popilasyon an panse Wo Konsèy la se pope twèl premye minis Ariel Henry.

Wo Konsèy la pako gen okenn anplwaye ki pou ede yo avanse pi rapid ak travay yo, e pou moman an se yon bidjè y ap prepare pou sa espesyalman. Pwofesè Mirlande deplore depandans Wo Konsèy la de Ministè ki loje li a ; se enstitisyon an ki fè netwayaj nan biwo konsèy la, lè manm konsèy la bezwen monte nan biwo, se ministè a yo rele pou desann asansè a pou yo…

« Nou travay, nou fè reyinyon entèn, konsa tou nou swiv kèk konsèy minis. Men, jouk kounye a, premye minis la pako chita sou remaniman ministeryèl la, yon pwen esansyèl nan pwogram ki te mete sou pye a, ki te pibliye nan jounal ofisyèl Le Moniteur », selon vèv la, ki asire popilasyon an Konsèy la tande repwòch yo fè li yo, epi ap kontinye travay ak fòs pou fè travay la mache. « Pwoblèm nan se pa retire moun mete moun konsa konsa, men se reponn ak volonte popilasyon an, ki pa satisfè sou anpil pwen », selon Mirlande Manigat, ki pwofite denonse Ariel Henry, ki pako chita ak Wo Konsèy la ditou ditou sou remaniman ministeryèl la, jan sa te pibliye nan jounal ofisyèl peyi a.

Kòm pwofesè dwa konstitisyonèl, Mirlande Manigat swete gen yon pase men ki fèt nan konstitisyon an avan eleksyon yo, men selon li, konstitisyon se pa zafè yon moun, men se zèv tout yon nasyon. Kòm syantifik epi otè ki ekri liv sou konstitisyon, fanm politik la « swete se yon gouvènman lejitim ki jwi konfyans popilasyon an ki pou ta mete yon asanble konstitiyan sou pye pou prepare yon lòt konstitisyon ».

Se agiman, konparezon ak pwopozisyon pwofesè a kapab fè, selon li, epi li anonse li prè pou li kolabore nan sans sa, paske li kwè p ap ka gen eleksyon san yon chema referansyèl ; yon konstitisyon. Konstitsyon 1987 la konnen anpil kritik selon ekspè dwa konstitsyonèl la, ki kwè dwe gen yon pase je ladan kanmèm.

Apre yon mwa enstalasyon, Wo Konsèy la swete tanmen pwosesis pou mete yon konsèy elektoral sou pye, ak lòt misyon ki akonpaye travay yo, men yo jwenn plizyè obstak. Yo vle pi alèz ak endepandan nan lokal travay yo, epi yo vle pou premye minis Ariel Henry respekte mo li, epi fè remaniman nan ministè yo. Pandanstan, lavi chè kontinye taye banda sou popilasyon an, gè gang kontinye lakoz yo pete kouri kite kay yo pou yo ka sove po yo, epi gouvènman an kontinye ap tann yon entèvansyon militè pou vin rezoud pwoblèm ensekirite a.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *