Otorite taliban yo anonse, semèn ki sot a pase a, pòt tout inivèsite ap fèmen pou fanm yo. Apre islamis fondamantalis yo fin pran pouvwa a, yo te entèdi fanm yo ale nan lekòl segondè, yo te menm entèdi yo vizite pak ak jaden ki nan kapital peyi a, kounye a, yo bouche yo lawout pou yo ale nan inivèsite.
Plizyè dizèn medam te tante al swiv kou jou kite mèkredi 21 desanm nan maten nan plizyè fakilte, men se ak kout baton taliban ki ap sekirize pòt inivèsite yo akeyi yo, paske depi nan yè, minis ansèyman siperyè a, Neda Mohammad Nadeem, anonse tout inivèsite nan peyi a, pou yo sispann resevwa fanm, jiskaske yon nouvo lòd pase.
« Nou tout enfòmen pou aplike lòd ki mande pou nou sispann edikasyon fanm yo jiskaske yon nouvo lòd pase », se sa ki ekri nan lèt ki al jwenn inivèsite yo.
Anpil medam k ap etidye nan inivèsite an Afghanistan sezi resevwa nouvèl la devan televizyon. Okenn eksplikasyon pa akonpaye desizyon gwo ponyèt sa. Yon desizyon ki mete sekretè jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterres, sou gwo alam, e li pwofite mande taliban yo pou yo asire egalite aksè edikatif nan tout nivo. Kanta peyi États-Unis, li kalifye desizyon sa kòm yon zak babari.
N ap raple, entèdiksyon sa vini twa mwa apre anpil jèn fanm nan tout peyi a te al pase egzamen pou yo rantre nan inivèsite. Anpil nan yo te swete vini enjenyè, doktè ak lòt ankò, poutan, se yon kout pik anba kè ki touye tout rèv sa yo.
Se depi nouvo gouvènman taliban sa monte sou pouvwa a, boulon medam yo ap sere chak jou pi plis. Yo retire yo nan lavi politik, gen anpil anplwa piblik yo paka pratike, yo pa menm gen dwa vwayaje poukont yo, san yo pa gen yon moharam (yon paran gason) ki akonpaye yo.
You may also like
-
Beyoncé enflamme le Stade de France
-
Céline Dion met sa carrière en pause
-
Cannes 2023 : 7 réalisatrices en compétition pour le Palme d’or, un record dans l’histoire du festival
-
Haïti-Foot : la joueuse de football Kerly Théus honorée à North Miami
-
Festival de Cannes : Handicapée, une jeune femme refoulée à cause de ses baskets