google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
201709asia burma assk 0
© %author%

Birmanie : Aung San Suu Kyi kondane pou 7 lane prizon ankò, sa fè li 33 lane

Vandredi 30 desanm 2022 a, ansyen dirijan Birmanie an, Aung San Suu Kyi, kondane pou 7 lane prizon anplis pèn li te deja ap pije. Se pou kòripsyon youn nan tribinal jent militè Birmanie yo kondane militan k ap goumen pou demokrasi a, alòske li gen 77 lane. Antou, li kondane pou 33 lane prizon.

Loreya pri nobèl lapè a (1991) ap jemi nan prizon depi apre koudeta militè premye fevriye 2021 an. Se koudeta sa ki mete fen nan ti lizyè demokrasi ak libète ki te vle parèt nan peyi sila, ki boulvèse anpil, akòz pwoblèm politik.

Tribinal ki kondane Aung San Suu Kyi a, te al syeje eksepsyonèlman nan prizon kote militan an plase an izolman an, epi mete senk (5) chèf akizasyon ki gen rapò ak kòripsyon sou do li.

Kominote entènasyonal la pa dakò ak desizyon gwo ponyèt sa ki kòz ansyen dirijan an ap pase 33 lane dèyè bawo. États-Unis kondane sa ki pase a epi egzije liberasyon ansyen dirijan an. Inyon Ewopeyen an tou kondane sa ki pase a epi denonse otorite Birmanie yo kòm moun k ap rele chalbare dèyè demokrasi ak Eta de dwa.

Dosye kòripsyon ki te premye sèvi kòm mobil kont Aung San Suu Kyi a, se yon zafè lokasyon elikoptè pou yon minis, kote yo te di li fè fwod nan règ yo epi lakòz Leta fè pèt. Depi lò, yo ajoute fwod elektoral, vyolasyon sekrè Leta, vyolasyon restriksyon anti-kowonaviris ak lòt ankò sou dosye militan an.

Militan dwa moun kalifye 18 mwa pwosè sa yo kòm similak. Poutan, militè ki te bay koudeta yo gentan anonse eleksyon pou lane 2023 a, yon fason pou yo chèche lejitimite. Yon lejitimite yo pako ka jwenn nan men kèk gwo òganizasyon tankou Nasyonzini, ki li menm tou, egzije liberasyon Aung San Suu Kyi.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *