google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
Affirmative Action Black Women in the Judiciary scaled 1
© %author%

Gouvènman Ariel Henry a nome 3 fanm nan lakou kasasyon

Gen non 3 fanm ki soti nan arete ki nome 8 novo jij nan lakou kasasyon an nan dat 28 fevriye 2023 a. Yo se Marie Joceline Cazimir, Ketsia Charles ak Maguy Florestal. Yon pwen sayan, lè n ap konsidere listwa lakou a pa rapò ak kantite fanm ki pase ladan li kòm jij.

3 jij fanm sa yo fè nou sonje istwa Ertha Pascal Trouillot, premye fanm ki rive avoka an Haïti nan lane 1971, premye fanm ki te rive kòm manm lakou kasasyon an 1986, kèk tan apre rejim Duvalier yo te fin chavire. Kòm premye fanm ki te vin prezidan lakou a, Ertha Pascal Trouillot te rive prezidan pwovizwa peyi a soti mas 1990 pou rive fevriye 1991.

Si nan tan lontan, se gason ki te konn gen aksè pou bay jistis. Se anpil deba ak konba ki te vin ranvèse sitiyasyon an an France ak lwa 11 avril 1946 la, ki te pèmèt nenpòt moun ki gen nenpòt sèks jwenn posibilite pou rantre nan majistrati a.

Se yon dividal fanm ki louvri brèch, ki chire wout, ki trase chimen nan mond jistis la pou bay fanm yo aksè sou pwen sa. Pou nou menm an Haïti, Ertha Pascal Trouillot se yon poto mitan nan zafè lajistis bò kote sèks feminen an. Nou ka di li pami fanm ki louvri pòt pou 3 nouvo fanm ki rantre nan lakou kasasyon an 28 fevriye 2023 a.

Se vre gen gwo avanse ki fèt, men rete anpil pakou pou nou rive aprann sosyete a fanm gen menm dwa ak gason pou pratike tout metye, pou ede nan avansman sosyete a nan tout pwennvi. Lajistis leve yon nasyon epi rann li egalitè, sa vle di lajistis dwe gen e fanm e gason nan tèt li.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *