Rezilta pasyèl eleksyon dimanch 13 novanm nan nan peyi Slovénie pouse avoka Natasa Pirc Musar nan tèt lis kandida favori yo. Si bagay la rete konsa, Natasa ap premye fanm k ap dirije peyi Slovénie. Fanm 54 lane a rekeyi 54% vòt yo pandan kandida anfas li a, Anze Logar ki se ansyen Minis afè etranjè, gen pi piti pase 46% vòt yo.
Slovénie se yon peyi ki divize, eleksyon sa yo rive fèt anba manifestasyon ak diskisyon sou do ansyen premye minis Janez Jansa. Imedyatman apre rezilta pasyèl yo, Natasa kòmanse lanse mesaj linyon epi li envite konpatriyòt li yo pou yo vire do bay koze diskisyon yo.
« Premye aksyon m ap fè, se envite tout dirijan tout pati politik yo nan palè a », sa se li deklare. Se vre Natasa p at twò fon nan politik, men li di li pa janm pè pou li fè tande vwa li.
Pandan kanpay la, Natasa te toujou prezante tèt li kòm « liberal », epi li toujou di pèp la, « yon prezidan paka nan mitan, li dwe gen yon opinyon ».
Aktyèl prezidan peyi a, Borut Pahor, pa t ka al nan eleksyon ankò, paske lwa peyi a pa pèmèt yon moun pran de (2) manda 5 lane youn dèyè lòt. Sa pa t anpeche kanpay Natasa a te difisil, sitou li pa t gen soutyen okenn pati. Li menm rele li « Carriériste », sa vekse li paske selon li, yo pa t ap janm di sa de yon kandida gason.
You may also like
-
Taylor Swift crée la surprise en présentant un double album
-
Désormais, l’interruption volontaire de grossesse est inscrit dans la constitution française
-
Corventina est de retour sur le terrain
-
Primaire républicaine aux Etats-Unis : Nikki Haley décroche sa première victoire
-
La mère d’Alexeï Nalvany envoie un message à Vladimir Poutine