Minis zafè enteryè alman an, Nancy Faeser, andose yon refòm sou dwa azil an ewop nan yon sitiyasyon kote plis pase de (2) milyon migran rantre an Allemagne an 2022. Komin alman yo vin an difikilte pou jere tout moun sa yo, se pou sa minis la mete yon kowalisyon sou pye pou akò pou refòme dwa azil ewopeyen an, selon piblikasyon medya RFI 2 me 2023 sa.
Nancy Faeser pa t ezite evoke « yon moman istorik » paske twa prensipal pati ki sou pouvwa yo an Allemagne te dakò sou yon refòm nan nivo kontinan Ewopeyen an, yon refòm ki te deja nan sijè diskisyon yo depi kèk lane, men ki pa t janm rive jwenn sipò.
Minis Enteryè Alman an ak kowalisyon li a vle pwopoze pou tout aplikasyon azil yo sibi egzamen nan fwontyè ki bay sou lanmè peyi ewopeyen yo, e li prevwa pou yo pran pou pi plis twa mwa pou trete dosye yo.
Anplis de sa, yo ta dwe mete yon anrejistreman sistematik pou kontwole migran yo sou menm fwontyè sa yo. Jodi a, mwatye nan moun ki rive an Allemagne e ki aplike pou azil yo pa anrejistre nan gran baz done Eurodac la. Nancy Faeser mansyone tou kowoperasyon li vle fè nan kad refòm sa a ak peyi France, Italie, Espagne ak Suède.
You may also like
-
Kerry Washington révèle avoir eu recours à un avortement sous une fausse identité pour protéger sa carrière
-
Violences faites aux femmes en France : le budget est nettement insuffisant
-
L’Ethiopienne Tigst Assefa remporte le marathon de Berlin et écrase le record du monde
-
La journaliste française Ariane Lavrilleux libérée après 48h de garde à vue
-
Journée internationale de l’égalité salariale, les sociétés peinent à assurer l’équité entre hommes et femmes