Jèn atis ayisyano-kanadyèn nan, Tamara Weber, te anonse nou depi byen lontan, nominasyon li nan GAMIQ kòm « Révélation de l’année ». Jodi 19 oktòb sa, li vin di nou li posib pou nou ba li èd nou pou nou pouse li devan kat (4) lòt moun ki nan konpetisyon an pou menm tit la.
Atis ki chante « let me be » a raple nou dènye fwa li te mande nou èd nou, li te ranpòte pri chante popilè nan festival chante Granby.
« Sa ban mwen lespwa kominote mwen an ap ede mwen ankò fwa sa pou m kapab nomine revelasyon pou ane 2022 a », selon jèn atis 24 lane a ki fèt ann Haïti men ki grandi nan peyi Canada. Seremoni GAMIQ la ap fèt dimanch 27 novanm 2022 nan Théâtre Plaza, Québec
Pou w vote pou Tamara, w ap senpman klile sou lyen nou mete anba a, lè w fin klike, w ap wè yon paj GAMIQ louvri devan ou, w ap defile desann jouk ou wè « Révélation de l’année ? », epi la, w ap chwazi ti boul won ki devan avan dènye non an : Tamara Weber, lè w fini w ap klike sou « voter ». Vote pou li kounye a pandan w ap klike sou lyen sa : https://musiqueindependante.com/gamiqgala/gamiq-2022-vote-public/
GAMIQ, se yon pri ki rekonpanse plizyè kategori : atis ane a, revelasyon ane a, espwa ane a, albòm Rock ane a, […] medya ane a, festival ane a, ak anpil lòt ankò.
Nou ankouraje ou vote pou Tamara Weber, pou li kapab ranpòte pri « Révélation de l’année ».
You may also like
-
Opérée à la cheville, Corventina donne de ses nouvelles
-
All I want for christmas is you n’est plus numéro un du classement Billboard Hot 100
-
Taylor Swift, personnalité de l’année du magazine « Time »
-
La première femme nommée à la Cour suprême américaine est décédée
-
Sheynnis Palacios ne peut plus rentrer au Nicaragua