google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
skysports elnaz rekabi iran 5934715
© %author%

Crédit photo : Rhea Khang/International Federation of Sport Climbing via AP

Atlèt Iran ki te al nan konpetisyon san vwal la pale, li pa nan prizon

Elnaz Rekabi se yon grenpez te al nan konpetisyon dimanch 16 oktòb la san li pa t mete hijad (vwal) nan tèt li, alòske peyi Iran pa dakò atlèt feminen yo al nan konpetisyon san vwal la, ni konpetisyon lokal, ni konpetisyon entènasyonal. Depi apre konpetisyon an, nou pa wè Elnaz Rekabi, e anpil moun te kòmanse ap doute, yo t ap mande tèt yo « ki kote atlèt la pase ? » Atlèt la fè siy nan kapital peyi Iran an jodi mèkredi a, li pa nan prizon.

Depi apre lanmò Mahsa Amini, yon jèn iranyèn 22 lane lapolis te arete pou « move abiman », se manifestasyon sou manifestasyon nan peyi Iran pou kanpe anfas gouvènman an akoz koze vwal sa. Anpil manifestan kontan paske Elnaz Rekabi parèt nan konpetisyon ki t ap fèt nan peyi Kore di Sid la san vwal, se yon aksyon ki ba yo fòs. Men, sa ki make enkyetid yo, se paske depi apre konpetisyon an, pèsòn pa t ko pran nouvèl atlèt la.

Se maten mèkredi 19 oktòb la grenpez la parèt sou pèp la nan ayewopò entènasyonal Imam-Khomeini, nan kapital Iran. Plizyè santèn moun te al akeyi li ak aplodisman. Elnaz Rekabi te parèt ak yon blouzon nwa ki gen tèt, epi li mete yon kepi, toujou san vwal (malgre li obligatwa pou fi pote vwal nan peyi Iran).

« Mwen te anbarase ak ekipman m yo, paske yo te rele m nan dènye lè […] se sa ki koz mwen pa t prete atansyon ak foula mwen te dwe mete a », se pawòl grenpez la li menm, devan jounalis ki t ap poze li kesyon apre li te fin ateri.

Atlèt la prezante ekskiz li. Li pwobab pou aksyon sa gen men gouvènman an ladan, paske depi apre mouvman pwotestasyon yo, anpil atis ak selebrite ki te pran yon pozisyon piblik kont rejim nan blije tounen sou desizyon yo. Pa egzanp, Mehran Modiri, yon reyalizatè seri pou televizyon, te mande pou seri li yo sispann pase sou televisyon piblik peyi Iran yo an septanm nan, men kounye a li blije kanpe sou desizyon sa yè madi 18 oktòb la. Nan menm jou a, pitit gason li (nou pa vle site non an) poste sou kont enstagram li : « premye desizyon selebrite Iran yo, se vrè desizyon an, men dezyèm desizyon yo, se gwo presyon ki fè yo pran yo ».

Dwa fanm, dwa moun, se yon konsèp ki pèdi tout sans li sou kèk tèritwa nan mond lan. Soti nan presyon sou kèk moun pou yo pran kèk desizyon piblik, paske nan mete kèk lòt nan prizon, rive nan anpeche kèk lòt ankò patisipe nan konpetisyon entènasyonal kou nasyonal san kèk kondisyon ki prive yo de dwa yo, dwa moun gen anpil travay pou li fè avan li rive chita nan kè ak nan nanm chak moun k ap viv sou planèt tè a.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *