Camilla Shand kouwòne kòm Rèn bò kote Wa Charles III 6 me 2023 sa nan vil Londres, nan palè
Buckingham nan.
A 75 lane sou tèt li, Camilla tounen Rèn, madan Wa Charles III. Li te divòse ak premye mari li, e li se dezyèm madanm Charles tou, paske Charles te marye ak prensès Diana, epi divòse an 1996. Pou seremoni kouwònman an, Rèn Camilla te chwazi mete kouwòn yon rèn-konsò ki te rele Mary, se te madan Wa Georges V, yo te kouwòne 22 jèn 1911.
Nan kè seremoni an, achevèk la wen men Rèn nan ak lwil sakre, depoze kouwòn nan sou tèt li epi lonje yon baton espesyal (spectre royal) ba li.
Aprè kouwònman li a, Camilla te fè siy reverans devan Wa Charles III, se aksyon sa ki ba li tit Rèn. Alòske li se youn nan fanm britanik yo pi rayi, li tounen Rèn jodi a. Yo te konn pale li mal, paske tout pandan Wa Charles (prens alepòk) te nan lyen maryaj ak Prensès Diana, Camilla te renmen ak mesye a an kachèt.
Avan evenman an, Camilla te pote non « Rèn-konsò », men jodi a li pote non Rèn tou senpleman. Dayè, avan lanmò bèlmè li, li te pote non prensès-konsò, pou di se pa alyans li rantre nan fanmi wayal la. Jodi a, tèm Rèn-konsò a pa popilè ankò, men selon yon sous nan palè Planalto nan, li te nesesè pou rele Camilla Rèn-konsò avan kouwònman li a pou te diferansye li ak Elisabeth II, Rèn ki mouri 8 septanm 2022 a.
You may also like
-
Kerry Washington révèle avoir eu recours à un avortement sous une fausse identité pour protéger sa carrière
-
Violences faites aux femmes en France : le budget est nettement insuffisant
-
L’Ethiopienne Tigst Assefa remporte le marathon de Berlin et écrase le record du monde
-
La journaliste française Ariane Lavrilleux libérée après 48h de garde à vue
-
Journée internationale de l’égalité salariale, les sociétés peinent à assurer l’équité entre hommes et femmes