© %author%

Chili : minis jistis la demisyone apre gras prezidansyèl ki libere plizyè malfra ki te nan prizon

Minis jistis ak dwa moun nan peyi Chili a, Marcela Rios, demisyone samdi 7 janvye 2023 a akoz gras prezidansyèl trèz (13) prizonye jwi nan dat 30 desanm 2022 a. Se menas opozisyon an pou pote plent kont minis la paske li kosyone gras prezidansyèl la ki prezante kèk iregilarite, ki fè minis la deside demisyone avan plent la rive kont li.

Gras prezidansyèl sa, se youn nan pwomès kanpay prezidan Chili a, Gabriel Boric. E li te byen chita ak estaf li pou planifye sa. Gras prezidansyèl sa destine espesyalman pou moun ki te kondane nan soulèvman sosyal ki te fèt nan lane 2019 la, nan peyi a. Pèp la t ap manifeste kont lavi chè ak inegalite, poutan lapolis te bimen yo ak baton jouk 30 pami yo te rive mouri epi 400 lòt te sòti blese. Lapolis te boure anpil nan yo nan prizon tou, se kategori sa ki konsène nan kad gras prezidansyèl la.

Nan dat 30 desanm 2022 a, sou rekòmandasyon minis jistis la, Marcela Rios, prezidan an fè 13 prizonye gras, olye de 11 ki te prevwa pou benefisye gras la. Pami moun ki grasye yo, gen youn ki te deja kondane pou plizyè ka vòl ak kasèdkay. Grenn liberasyon sa leve plim sou do opozisyon an, ki pa neglije anonse li pral depoze plent kont minis la. Se pou sa, minis la gentan demisyone avan advèsè yo sèvi ak dosye sa pou bay gouvènman li a pwoblèm.

Bò kote prezidan repiblik la, li asime responsabilite li epi dakò te gen iregilarite nan pwosesis la. Anplis, prezidan an di li aksepte demisyon Marcela a epi ranplase minis la. Se Cordero Vega, yon gwo avoka, ki pral jwe wòl minis jistis ak dwa moun nan Chili. Nan dosye sa, gen yon lòt machwè won ki chavire tou, se Matias Meza-Lopehandía, chèf kabinè prezidan Boric.

Plus de publications

Laisser un commentaire

Catégories