google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
49ae49a23f67c759bf4fc791ba842aa2 1696857672
© %author%

Depite bèlj Zoé Genot ap kite politik janvye 2024

Depite Zoé Genot anonse Jodi 9 oktòb la lap kite politik. A pati janvye 2024, se pòs Direktris konfederasyon patwon ki ap travay nan sektè espòtif ak sosyo-kiltirèl yo li pral okipe. Depi lane 1999, fanm 49 lane a ap travay kòm palmantè nan peyi li Belgique. Li deside pase kòn nan bay nouvo jenerasyon yo.

Nan yon kominike, depite a anonse : « Eksperyans mwen nan bati konsansis ak negosyasyon pral itil mwen nan nouvo wòl mwen an. Si jodi a mwen swete retire kò m nan lavi politik, mwen gen anpil bon souvni de reyinyon, lit ak diskisyon kaptivan yo. Gen yon nouvo jenerasyon ki angaje e ki detèmine e mwen kontan anpil pou sa ».

Koprezidan pati Ecolo a, Rajae Maouane, felisite depite a pandan li swete li konnen yon bon pakou nan nouvo travay li a : « Zoé se yon gwo figi nan defann koz ekolojik yo nan mond politik la. Jan li envesti nan koze sa, metriz li nan dosye yo ak konesans li sou tèren an pral itil li anpil tou nan nouvo wòl li a. Nou swete li anpil siksè ».

Nan priz pozisyon politik li, depite Zoé te viktim arestasyon lapolis nan lane 2018, akoz « dezoneyisans sivil » paske li t ap manifeste bò kote lòt pwotestatè kont prezans evantyèl yon ojiv nikleyè ameriken ki ta chita byen bòzò nan baz militè Kleine-Brogel la. Depite Zoé make jenerasyon li a ak kouraj li, kòm politisyen.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *