google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
dina boluarte
© %author%

Dina Boluarte, premye fanm prezidan peyi Pérou

Mèkredi 7 desanm 2022 a, palman perivyen an destitiye prezidan Pedro Castillo pou « enkapasite moral » apre li finn pase 17 mwa sou pouvwa a. Se vis-prezidan Dina Boluarte ki ranplase li otomatikman. Nan tout listwa peyi Pérou, se premye fwa yon fanm rive prezidan repiblik la.

Se te twazyèm tantativ palman an pou destitiye prezidan an. De premye yo pa t reyisi. Apre prezidan an fin pèdi pouvwa ak iminite li, lajistis poze lapat sou li rapid vit, epi sis (6) ankèt gentan louvri kont li pou koripsyon ak trafik enfliyans. Se menm akizasyon sa yo ki poze sou do fanmi li.

« Mwen asime [pouvwa a], jan konstitisyon Pérou a mande sa, soti jodi a pou rive jiyè 2026 », selon nouvo prezidan an, Dina Boluarte. Jiyè 2026, se dat manda Pedro Castillo t ap fini si li pa t destitiye.

Ant Castillo ak palman perivyen an, te gen yon gwo batay. Kèk tan avan palman an destitiye li, li te gentan anonse li kraze palman an epi kreye yon « gouvènman ijans eksepsyonèl » e li te pare pou chanje konstitisyon an nan yon brèf delè, pou anpeche palmantè bare inisyativ li.

« Se yon koudeta k ap agrave kriz politik ak enstitisyonèl la. Sosyete a dwe reyisi eprèv sa nan respekte lalwa kòmsadwa ». Se pawòl Dina Boluarte, ki te reyaji apre desizyon Castillo te pran pou bay palman an koudeta sa. Se depi la fanm 60 lane a demare chwal li bò patiraj Castillo.

Kanta pou pèp perivyen an, genyen ki dakò ak destitisyon an, gen lòt ki panse se paske Castillo se moun pwovens ki fè palmantè yo pa dakò ak li sou okenn pwen epi pa kolabore ak li. Sou 130 palmantè, 101 vote pou Castillo bay dèyè li twa tap sou chèz boure Pérou a, e efektivman nonm nan kite plas la pou vis-prezidan li, Dina Boluarte.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *