Kòdonatris selil nòdès pou chanm kòmès fanm antreprenè yo an Haïti, Wilmène Denis Delmyr, kwè pwojè konstriksyon kanal la ap ede peyi a non sèlman sou plan sosyal, men tou sou plan ekonomik. Li note jan kategori fanm yo, sitou fanm pwopriyetè ti piti ak mwayenn antrepriz yo e menm fanm plantè yo, yon fason pou yo ka fè plis pwofi. Dofen News te rankontre Wilmène fen mwa septanm nan nan vil Wanament.
“Ede pèp ayisyen an viv lakay yo, epi ede yo fè plis rantre sou plan ekonomik… konsa si nou te konn fè dis (10) sak diri, n ava fè 20”, selon fanm antreprenè a. Li mete aksan tou sou koup pwodiktè ak antreprenè yo, kote se pa sèl gason yo ki ka mete men pou ede pwodiksyon an, men fanm yo tou ap ka bay plis randman pou ede fanmi an, yon fwa dlo kanal la rive wouze tout plenn Maribawou a.
Wilmène santi li fyè paske konkrètman, gen anviwon senk (5) fanm ki ap travay dirèk dirèk nan kanal la, swa kòm bòs mason, ferayè, chapant, enjenyè oubyen lòt. Epi li ankouraje tout ayisyen ki pa t ko lonje men pou ede konstriksyon sila fè yon pa devan, pou yo tanmen patisipe san kè sote nan veritab pwojè sosyete sa.
Li envite Leta tou, pou li lonje men li, epi akonpaye travayè konstriksyon kanal Maribawou a, pou byen peyi a.
You may also like
-
Désormais, Eden Berandoive joue dans la cour des grands
-
Les coopératives féminines : un outil clé pour l’autonomisation des femmes
-
Maria Isabel Salvador, Chèf biwo entegre nasyonzini an, pozisyone li sou konjonkti aktyèl la
-
Depite ayisyano-ameriken Sheila Cherfilus-McCormick mande pou premye minis ayisyen an demisyone
-
Rezo Pluri-femmes mande pou gen plis fanm nan palman ayisyen an