google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
WhatsApp Image 2022 10 28 at 10.23.27 PM 1
© %author%

Eberline Nicolas, sèl jèn lidè ayisyen ki patisipe nan Global Youth Leadership Forum

Global Youth Leadership Forum se yon inisyativ ki jwenn sipò ofis Nasyonzini kont dwòg ak krim, bank mondyal, gouvènman peyi Espagne ak anpil lòt gouvènman, òganis entènasyonal, antrepriz ak inivèsite. Ane sa se te 7èm edisyon an ki te rasanble 125 jèn lidè nan mond lan ki soti nan anviwon 40 peyi. Jèn lidè sila yo te reyini nan peyi Espagne soti 23 pou rive 28 oktòb 2022, nan Palacio de la Magdalena de Santander.

« Gewo politik, revolisyon teknolojik, sekirite nasyonal ak entènasyonal komès ak devlopman ekonomik, enpòtans pou jèn yo reyini nan rejyon entènasyonal yo, koze enèji ak devlopman dirab, delopman chak rejyon, wòl antreprenè, lidèchip fanm » se prensipal sijè deba ak fòmasyon ki t ap trete nan fowòm sila. Sou menm lanse a, nou te chita pale ak Eberline Nicolas, sèl jèn lidè ayisyen ki te nan fowòm nan :

Dofen News : Kiyès ki Eberline Nicolas ?
Eberline Nicolas : Mwen fèt yon 24 janvye nan vil Saint-Louis du Nord nan depatman nòdwès an Haïti. Depi 2017 m ap egzèse metye jounalis, epi aktyèlman mwen se redaktè pou ajans entènasyonal Agora Francophone. Apre m te fini etid klasik mwen, mwen te rantre nan Université Épiscopale d’Haïti, se la mwen te etidye syans kominikasyon ak relasyon piblik. Mwen gen yon lisans tou nan Métiers de l’information et de la presse nan Université de Lille (France) epi yon diplòm nan journalism miltimedya nan Ecole de journalisme de Lille. Mwen se fotograf tou, depi 2018. Se mwen ki fonde asosiyasyon Bouquets d’Espoir, yon strikti k ap panse ak ka timoun k ap sibi move lavi.

D.N : Ki difikilte ou te jwenn nan demach pou w kite peyi a, sitou nan tan difisil sa ?
E.N : Mwen pat jwen oken difikilte bò kote anbasad la malgre te gen gwo pwoblem nan peyi a nan moman mwen te fè demand viza a. Anbasad la te pran sa trè o serye e livre m yon viza eksprès. Mwen pwofite okazyon an pou m remèsye anbasad Espagne en Haïti a pou sa.

D.N : kòman ou te fè dekouvri fowòm sila ?
E.N : Mwen te dekouvri fòmasyon sa sou rezo sosyal Linkedin. Li te prezante kòm yon fòmilè elektwonik epi mwen te ranpli li. L ap disponib ankò an 2023 e l ap toujou louvri pou tout jèn lidè nan mond lan, yon fwa jèn lidè sa yo reponn ak kritè yo.

D.N : pale nou de kritè pou nenpòt jèn lidè nan mond lan rive patisipe nan fowòm nan.
E.N : Depi ou se yon jèn lidè ki aktif nan domèn politik, ekonomik, sosyal, anviwónmantal, ak lòt ankò, ou kapab ranpli fòmilè ou epi patisipe nan fowòm nan, sitou pou jèn k ap travay nan amerik latin nan. Gouvènman jenès Europe, Afrique, Amerique latine, asosiyasyon jèn antreprenè an Espagne, asosiyasyon jèn palmantè an Afrique, se kèk pami pwofil jèn ak gwoup jèn ki te nan edisyon sila.

D.N : Reprezante Haiti nan yon fowòm konsa, ki sa sa vle di pou ou ?
E.N : Reprezante Haïti nan yon evenman konsa vle di anpil bagay pou mwen paske nou konnen difikilte n ap simonte chak nan peyi a. Se yon opòtinite pou mwen te al fè konnen Ayiti sou yon lòt fasèt atravè yon jenès ki ap batay pou yon lavi miyò pou chak pitit peyi a, Pou n te pale de sa n ap travèse e ki espwa ki genyen malgre tout bagay sa yo. Mwen pa t neglije pataje ak tout lòt pèp ki te la yo fòs pèp nou an, listwa li a, epi nan sans sa, mwen te vini yon anbasadris pou lang franse an san m pat atann ak sa, paske Haïti pami ra peyi nan amerik la ki pale franse. Mwen vle di tout ayisyen ki pral li atik sa nou pa yon wont okenn lòt peyi. Haïti rete yon senbòl. Pwoblèm nou yo ka rezoud si nou bay peyi a premye plas. Mwen angaje m pou m yon anbasadris pou peyi m e kontinye travay pou devlopman l. Mwen pa pè obstak yo.

D.N : Ki nouvote ou santi ki gen nan ou apre fowòm sa ?
E.N : Fowòm sa ak jan peyi Espagne oubyen Vil Santander oganize a fè m gen yon lòt vizyon. Mwen panse Leta ayisyen dwe envesti plis nan jenès la. Entegre yo nan gouvènman yo, konsa plis jèn ta gen opòtinite ale koute, aprann sou pi bon mwayen pou sove mond lan ak peyi yo. Pou yo konnen kisa ki ka fèt pou rezoud pwoblèm grangou, pou ralanti dega k ap fèt nan anviwónman yo, epi redyi vyolans nan sosyete yo. Fowòm nan elaji rezo m plis nan tout kwen nan mond lan anteke fanm lidè ki ap milite pou amelyorasyon lavi timoun ayisyen yo.

D.N : Ki pèspektiv ou kòm jèn lidè ayisyen apre fowòm sa ?
E.N : Mwen espere fowòm sa louvri lòt opòtinite pou mwen pou lòt evenman k ap gen pou fèt nan mond lan. Paske vwa m konte , vwa chak gren ayisyen konte. Etan done mwen deja yon anbasadris nan fowòm nan li pi fasil pou mwen pou m monte yon delegasyon pou al reprezante Haïti nan edisyon k ap vini an, mwen vle fè sa pou reyónman Haïti, men aplikasyon an louvri pou tout moun ki reponn kritè yo.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *