Twazyèm nimewo ALASO a ap piblye nan dat 18 novanm 2022 a sou lobedyans Nègès Mawon. ALASO se yon piblikasyon ki bay feminis lapawòl ak kote pou yo dyalòge, nan lide pou ankouraje pwodiksyon refleksyon kritik, analiz ak diskisyon pou panse feminis yo blayi pi plis nan diferan kanal epi sou divès fòma, se sa nou te rive li premye novanm 2022 a sou paj facebook strikti a. Ane sa, se twazyèm nimewo piblikasyon sila ki pral jwenn piblik varye li a, se pou sa l ap nan twa lang : kreyòl ayisyen, angle ak franse.
Twazyèm nimewo ALASO a ki gen tit fanmi ap disponib an Haïti men tou nan lòt peyi tankou États-Unis, Canada ak France. Dayè, li ap disponib nan twa (3) lang, men nan de (2) edisyon : youn se kreyòl ayisyen/fransè epi lòt la se kreyòl ayisyen/anglè.
18 novanm se yon dat espesyal pou manm òganizasyon an. Se dat ki make gwo batay ki te mennen Haïti sou chimen endepandans lan : Vètyè.
Kèk detay sou Nègès Mawon
Nègès Mawon se yon òganizasyon feminis ki fonde an Haïti nan lane 2015. Li fèt nan lide pou goumen kont jan sosyete ayisyen an òganize pou favorize gason sou fanm.
Yo tire non Nègès Mawon an nan liy istoryen Edner Brutus ak Jean Fouchard, ki chita sou fenomèn mawonnay la kòm pilye ki mennen Haiti nan endepandans ak libète.
Nègès Mawon vle transfòme atizay an langaj, se pou sa diferan aksyon yo kadre nan sans sa. Soti 2015 pou rive 2022, yo gen senk (5) festival nan djakout yo, epi de (2) edisyon piblikasyon ALASO, twazyèm nan ap rive sou piblik la vandredi 18 novanm k ap vini la.
You may also like
-
Le Ministère à la Condition Féminine condamne le viol de Stephy Graph Cadichon par un policier dominicain
-
8 candidates en lice pour devenir la Miss du Cap-Haïtien
-
Jeanne-Elsa Chéry présente son premier recueil de poèmes « Lib e libè, tous en libres »
-
Etats-Unis-IVLP : la journaliste Sheilla Angelique Louis nominée
-
Le film « N ap Boule » continue de marquer les esprits