Nan moman eleksyon lejislatif yo nan peyi Danemark premye novanm 2022 a, pati « centriste » modere yo te fin kriye viktwa. Sitiyasyon an pral chavire pou lòt kan an pandan y ap depouye dènye bilten ki te rete yo, paske 97% bilten te gentan fin depouye. Ebyen gras ak viktwa sa, Mette Frederiksen ki se premye minis sosyal-demokrat peyi Danemark, genyen majorite a nan palman an.
90 depite nan palman an, se chif sa menm pati goch la te bezwen pou li te gen majorite a nan palman an. Se ak anpil kè kontan, anpil mo remèsiman e menm dlo nan je premye minis sosyal-demokrat la salye viktwa sa li ranpòte ak pati li a : 27,6% vwa, yon eskò yo pa t janm rive atenn depi ven (20) lane.
Kounye a, Mette Frederiksen pa depann de sèz (16) palmantè reprezantan pati modere a ankò pou li gouvène. Poutan, lidè pati modere a, Lars Lokke Rasmussen, te gentan ap fè gwo gòj lè li te wè li prèske genyen batay la. Malgre sa, premye minis sosyal-demokrat la deklare li vle fòme yon gouvènman k ap chita nan mitan tablo politik la nan peyi a, yon desizyon li pran pou li kenbe inite ant tout aktè nan peyi a. Li vle kenbe men ak pati sentris la, pati liberal la, pati santris dwat la, poutan akoz tout alyans sa yo, li riske pèdi alye li yo nan pati ekstrèm goch la.
Pandan kanpay yo, tout pati nan peyi a dakò sou yon pwen : ranfòse politik migrasyon yo. Men, pwen ki te mete yo fas a fas nan eleksyon yo riske tounen ankò : remete sistèm sante peyi a sou de pye militè li, konbat enflasyon an ki monte nan yon wo nivo. Se premye fwa enflasyon an rive nan wòtè sa depi 40 lane.
You may also like
-
Kerry Washington révèle avoir eu recours à un avortement sous une fausse identité pour protéger sa carrière
-
Violences faites aux femmes en France : le budget est nettement insuffisant
-
L’Ethiopienne Tigst Assefa remporte le marathon de Berlin et écrase le record du monde
-
La journaliste française Ariane Lavrilleux libérée après 48h de garde à vue
-
Journée internationale de l’égalité salariale, les sociétés peinent à assurer l’équité entre hommes et femmes