google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
AIE3RLT3ZLMCRZQLPIRLMRXXI4
© %author%

États-Unis : apre 20 lane, Nancy Pelosi p ap chèf demokrat nan kongrè a ankò

Nancy Pelosi anonse 17 novanm lan lap kite direksyon demokrat la nan kongrè ameriken an aprè li finn pase 20 lane ap dirije li. L ap toujou rete yon eli, men se pa li k ap dirije li ki minorite jodia apre eleksyon demi manda kite fèt 8 novanm pase a.

Nancy Pelosi (82 lane) pran desizyon pase mayèt la bay lòt jenerasyon yo. Li fè anons la nan yon diskou anviwon kenz minit.

« Selon mwen menm, li lè pou yon nouvo jenerasyon dirije gwoup demokrat yo nan chanm nan, yon gwoup demokrat mwen respekte anpil anpil. Mwen rekonèt gen anpil moun ki pare e ki vle pran responsabilite sila. »

Pandan ti diskou sila, sal la te gen anpil demokrat ki t ap bat bravo pou Nancy, poutan se kèk ra repibliken ki te la. Fòk nou di, Nancy se yon move pyon pou repibliken yo, dayè, pandan dènye kanpay eleksyon 8 novanm yo, anpil repibliken te sible madanm nan pou kraze karyè li. Byen konte, mal kalkile, Nancy ap toujou rete kòm depite nan chanm nan, men l ap la kòm yon senp manm.

Rete Nancy rete nan chanm nan, se yon atou pou Joe Biden, ki konte sou eksperyans madanm nan pou li gide lòt jenerasyon an. Sa ap ede prezidan an, paske repibliken yo gen yon majorite nan chanm nan, se vre, men se yon majorite zwilit. Anplis, Joe Biden ta konte sou eksperyans Nancy pou ede li al chèche yon dezyèm manda nan mezon blanch lan nan eleksyon prezidansyèl 2024 yo.

Desizyon pou Nancy rete nan chanm nan, se yon desizyon ki byen reflechi, paske 28 oktòb 2022 a, nan moman kanpay yo, David Wayne DePape, yon patizan repibliken, rantre al chèche Nancy lakay li. Li pa jwenn poul, li pran pay : li aji kout mato sou Biznismann Paul Pelosi, mari Nancy Pelosi.

Nan diskou li a, Nancy raple jan Capitole la se yon kote ki sakre, e li deplore sa ki te pase 6 janvye 2021 an, lè patizan repibliken te rantre al fè tapaj anndan an. Li pwofite remèsye tout prezidan li te travay ak yo sou peryòd 20 lane sa, men gen youn li fè ekspre li pa site non li : Donald Trump. N ap raple, Donald Trump pa janm rele Nancy Pelosi lòt jan : Fanm fòl la.

« Nancy Pelosi se premye fanm ki rive dirije chanm depite ameriken an. Li se yon animal politik ki fò anpil. Li fè pase kèk lwa ki pèmet anpil avanse sosyal nan dènye lane sa yo : sante, enfrastrikti, lit kont rechofman klimatik. Li gen don pou l mete lòd ak inite nan fanmi politik li a [demokrat yo], se yon egzanp pou repibliken yo ta kopye. Se youn nan pi gran defansè demokrasi nan peyi États-Unis », se yon konpilasyon tit oubyen deskripsyon kèk jounal ameriken (Los Angeles Times, New York post, Washintong Post, Wall Street Journal…) poste apre diskou Nancy Pelosi a pou rann demokrat la omaj li merite.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *