google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
telechargement 1
© %author%

Etats-Unis : Jenna Ellis plede koupab pa rapò ak dosye eleksyon 2020 yo

Ansyen avoka epi ansyen manm ekip kanpay Donald Trump, Jenna Ellis plede koupab 24 oktòb sa devan tribinal Géorgie sou dosye dezòd ansyen prezidan repibliken an ta fè nan eseye anpeche sètifikasyon aktyèl prezidan Joe Biden, alòske li te fenk fin bat advèsè li a kòm kandida nan prezidansyèl lane 2020 yo.

Antank ansyen avoka epi manm ekip kanpay, lajistis gen rezon pou li jwenn yon antant ak fanm 38 lane a ki, apre li fin plede koupab, gen anpil chans pou li al temwaye kont ansyen kliyan li a, Donald Trump, e menm kont lòt prevni ki pako pase devan lajisits yo nan kad menm dosye sila. Antou, gen 19 prevni nan dosye a, 4 deja pase devan lajistis, epi lòt yo sou liy pou al afwonte fanm ki gen bann nan zye li a.

Prevni yo sou wout pou yo plede koupab epi jwenn akò ak lajistis ameriken, jan yo kòmanse fè sa la, poutan, prensipal enkilpe a, ansyen prezidan Donald Trump, te plede non koupab nan kad dosye sa. Sa ki mete anpil posibilite sou pye, pou ko-prevni ki plede koupab yo, al temwaye kont ansyen prezidan an. N ap note, se 4 mas 2024 ansyen prezidan an gen pou li ale devan lajistis.

Sitiyasyon sa pwovoke reyaksyon anpil sitwayen ameriken, pami yo, Bradley Moss, ki se avoka ki espesyalize nan sekirite nasyonal ameriken an, ki di : « Jenna Ellis se te pwòch ansyen prezidan Donald Trump pandan dènye semèn sa yo. Nan kad temwayaj li pwomèt yo, gen posibilite pou li delivre konesans pèsonèl li sou ansyen prezidan Donald Trump. San dout, temwayaj li yo pral itil pou pèmèt pouswit federal yo fè wout yo ».

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *